25/11/2025
Wè lew pa konn bay valè valè
ou pèdi valè'w
Te gen yon jèn gason yo rele te Kenley tout moun konn di li se "jènjan". Paske chak fwa yo wè l, li te toujou konn ak yon jèn fi diferan se men nan kou. Men li te gen yon sèl moun ki te vrèman renmen l: se menaj li, Marella.
Marella se te yon jèn fi dous, fidèl, ki te toujou pran swen li. Li te konn vin lave rad li, kwit manje pou li, ankouraje l, menm lè Kenley pa t konn merite sa vre. Paske Kenley pa t janm wè valè l.
Li t ap repouse l. Li t ap rele sou li. Li te plede separe ak li pou bagay ki pat menm gen sans, sèlman pou l ka al pase tan ak lòt jèn fi
Li te panse li te wa salomon. Yon lè Li di: “Marellaa pap janm kite m. M gen plas mwen deja”
Men yon swa, apre li fin soti ak zanmi l yo, li santi yon gwo doulè travèse vant li. Li santi kò l ap febli, pye l ap tranble, Lè li rive lakay li, li pèdi konesans.
Yo kouri ak li lopital. Doktè yo di li bezwen operasyon prese prese. Zanmi ki te toujou ak li yo disparèt. Jèn fi ki te konn ri ak blag li yo pa menm reponn telefòn li😭😭😭
Se lè sa li aprann yon verite
Lavi pa kenbe bò ak moun ki sèlman renmen plezi.
Men… nan mitan doulè, nan mitan nwit, gen yon sèl moun ki te vin chita bò kabann li. Yon sèl moun ki pat bouke. Yon sèl moun ki kenbe men li.
Se te Marella.
Li te rive ak dlo nan je, li kenbe men li, li di: “Menm si ou blese m, m pap kite w poukont ou.”
Kenley leve je l, l ap gade fi li te meprizea. Fi li te trayi a. Fi li te repouse a.
Li santi li vreman mal, li santil koupab men li rekonesan, Pou premye fwa, li vin konprann kek bagay nan vil…
Tout bèl fi pa lanmou. Tout souri pa fidelite. Men yon sèl moun ki rete ak ou lè moun vire do, se li menm ki te verite depi premye jou a.**
Marella ede l leve, ede l bouje, ede l reprann fòs li. E pandan l ap geri, li fè yon pwomès:
“M pap janm lage moun ki te la pou mwen anko.”
Kenley chanje. Li kite lavi dezòd, li fè respe Marella. Paske pafwa, Bondye sèvi ak yon kabann lopital pou fè yon moun konprann valè lanmou li t ap neglije a.
Abone pou plis,, paske wap jwenn bel istwa sou paj sa