Lson de Leogâne

Lson de Leogâne Environnement

05/06/2023

Sak pase Leyogàn samdi 3 Jen an, pa yon sipriz. Se aksyon nou sou anviwònman an ki koz sa pase konsa, ti gout lapli ap toujou koze gwo dega, si nap kontinye neglije tout paramèt anviwònmantal yo, 4 gwo rivyè ki travèse Yogann yo (Momans, Wouyòn, Kòmye ak rivyè Goch) e lòt ti ravin yo, prezante gwo menas, men yo te la avan nou, se nou ki vin koze yo fè dega, paske se nou ki rann tèt nou vilnerab. Nou koupe tout pye bwa nan tèt mòn yo, poze aksyon sa nou te dwe konnen chak gout lapli ki tonbe plis tap kouri sou sifas tè a, olye li antre anndan tè a, nomalman pase Wouyòn nan vil la ap pi gwo chak ane si pagen yon travay total ki fèt depi nan basen vèsan rive an aval, se pa wouyòn ki fè dega a, se nou, e lap kontinye kraze Yogann, sin pa deside panse yon lot jan, nou ap viv, nou bliye tèt nou, nou panse ak Wouyòn se yon menas, se chak lè lapli tonbe, li touye kek nan nou. Si se lè lapli tonbe nou wè menas rivyè a, yon lè nou pap menm gentan pansel, nou pap menm gentan wèl, lap jis bwote tout sak nan sant vil yogann nan, kit se moun, kit se byen.

Plis ke 200 ane nap plonje, nou fè komsi nou konprann pwoblèm nan, nan chache fo pwoblèm yo poun rezoud, pandan ke vrè p...
08/02/2022

Plis ke 200 ane nap plonje, nou fè komsi nou konprann pwoblèm nan, nan chache fo pwoblèm yo poun rezoud, pandan ke vrè pwoblèm nan se nou, aksyon nou pwouve nou pa Gen okenn lanmou pou peyi a, nou pa anvi fè nasyon sa wè kèk jou ki bon pou li, soti nan yon peryòd esklavaj, vin pran yon libète ki ekri selman sou papye, nou nan esklavaj pi rèd, fwa sa se pa kolon yo ki mare nou ak men yo, men yo fèn mare pwòp tèt nou, Eske nou ka kontinye kite vye zèb yo grandi ansanm ak ble yo nan ka sa?? Nou oblije netwaye jaden an pou ble yo fon parèt tèt yo.
Ewa Jean Jacques Dessalines papa nasyon an🇭🇹🇭🇹

06/11/2021
🗣Protégeons notre environnement 🗣
02/11/2021

🗣Protégeons notre environnement 🗣

09/09/2021

Quand un phénomène naturel devient un risque naturel??

Les phénomènes naturels les plus fréquents en Ayiti sont:
1. les inondations
2. les mouvements de terrain
3. les cyclones
4. les séismes.
5. Etc

Ces phénomènes deviennent un risque, lorsqu’ils entraînent des dommages pour la société, l’environnement ou lorsqu’ils provoquent des pertes en vie.

Un risque naturel est le croisement entre un aléa (phénomène naturel) et les conséquences humaines et matérielles qu’il peut causer
Destruction des bâtiments, morts ou blessés etc.

A. Séisme
Un séisme ou tremblement de terre, est une rupture de la croûte terrestre accompagné d’une libération d’énergie et se traduit par des vibrations faibles ou fortes en surface.

Ces vibrations du sol peuvent induire des mouvements de terrain ou liquéfaction des sols, elles provoquent des tsunamis également si leur origine est sous-marine.

Un mouvement de terrain est un déplacement, plus ou moins brutal, du sol ou du sous-sol.

A.1. Mouvement de terrain lent:

a. Les tassements et les affaissements

b. Le retrait-gonflement des argiles

c. Les glissements de terrain

A.2. Les mouvements rapides

a. Les effondrements de cavités souterraines

b. Les écroulements (ou éboulements) et les chutes de blocs

c. Les coulées boueuses

d. Les laves torrentielles

B. Un cyclone est une dépression, c'est-à-dire une zone de basse pression.
En météorologie, un cyclone tropical est un type de cyclone (dépression) qui prend forme dans les eaux tropicales ou subtropicales.

Un cyclone tropical est une large zone de nuages orageux en rotation accompagnée de vents forts.

Les cyclones tropicaux sont classés parmi les risques naturels les plus courants s'accompagnant souvent de pluies torrentielles, inondations côtières et vents violents.

La prévention des risques naturels consiste à s'adapter à ces phénomènes pour réduire, autant que possible leurs conséquences prévisibles et les dommages potentiels.

Elson Moleon

17/08/2021

KISAW APRANN LÈ FIN GEN YON KATASTWÒF AN AYITI????

12 Janvye 2010, tranbleman pase 7,3 plis pase 300 mil moun mouri, plis pase yon milyon moun ap dòmi anba tant, chak ane o mwen yon siklòn frape nou, se toujou dlo nan je. Anyen pa janm chanje, poutan nonb viktim yo te ka diminye.

Kisaw ka aprann a chak fwa nou frape konsa:
1) nan ki nivo nou vilnerab
2) nesesite poun pran leson, poun pa viktim menm jan an
3) pou katografye tèritwa a, poun pi byen pwoteje popilasyon an, nan konstriksyon li yo
4) komanse bay ti moun yo konesans Depi nan ti klas yo, sou menas natirèl yo, ke yap pase kanmèm pandan egzistans li, poul konnen yo poun diminye kantite viktim ke nap jwenn yo.

Tranbleman 2010 la pase, sèl sa pèp la aprann, aprè 11 zan: se te yon fenomèn natirèl li ye, yon jou nou pa konnen tè a ka tranble ankò, men anyen ankò nou pa aprann de 12 janvye 2010 la, nou kontinye fè kay yo menm jan an, kontinye rete nan flan mòn yo, kontinye konstwi nan li rivyè yo, kontinye konstwi nan karyè sab yo.

Jiska 14 dawou 2021, 11 zan aprè tranbleman 2010 la te pase a, nou wè nan ki difikilte nou ye, tout sa se paske 10zan aprè 2010 nou pat pran leson de sa, nou pa konnen menas yo la, fok nou aprann viv avek yo, ann imajine 10 zan aprè 14 Dawou 2021, ta Gen yon tranbleman ankò:
1. Eske nap tire leson de tranbleman ki pase nan gran Sid la❓
2. Eske nap finalman konnen ke menas yo la se nou ki pou konstwi, yon fason ki pou adapte ak yo❓
3. Eske nap sispann frabrike sèkèy nou nan pwòp kay nap konstwi ❓
4. Eske nap finalman mete kou sou menas natirèl yo nan lekol nou yo, Depi nan ti klas yo, pou ti moun grandi ak yo, pou lèl prè poul pa kontinye konstwi jan nap fèl la la, e poul Gen yon meyè reflèks lè nou Gen siklòn, tranbleman elatriye❓

Elson Moleon, Ing. Géologue

15/08/2021

Ayiti vilnerab anpil, ni nan konpotman popilasyon an, ni nan konpotman dirijan yo, fenomèn natirèl yo la, pou yo pase, se nou menm ki pou aprann viv ak yo, se nou ki pou aprann konprann yo poun Gen yon mèyè reflèks lè yo pase, e lèn fòme tèt nou sou yo, nap konnen se pa fè yon kay ki enpòtan, men se fè kay ki adapte a menas sa yo ki enpòtan, tranblemann tè ou pa ka prevwa li, mèyè fason se konnen kisak tranblemann tè a e komanw dwe viv ak li ki enpòtan, sonje se pa sèl tranbleman kom fenomèn natirèl ki menase nou, siklòn se youn ladan yo tou, men a chak fwa nou toujou viktim, dwe Gen yon fomasyon rapid ki pou fèt, paske pèp la bezwen sa pou ka pi byen konpotew fas ak yo, se pa lè fenomèn nan pase ou dwe komanse prepare nou, preparasyon an dwe fèt avan sa, pandan sa e aprè sa, poun Gen yon lòt reflèks lè fenomèn sa yo ap pase, e sin pa chanje konpotman nap toujou viktim, e poun chanje konpotman se fomasyon pou yo fè pou nou, lekol nasyonal jewologi peyi Ayiti prepare plizyè santèn jewolog deja, nou Gen moun yo la ki ka fè fomasyon yo, e vilnerabilite yo vizib, ke leta a aji nan sans sa pou fomasyon fet nan tout peyi a ak moun ki la pou sa, poun ka echape nan moman terib sa yo e rekanpe peyi a


(ENGA)

Salut les amis (es), j'espère que vous allez bien. Aujourd'hui j'ai une petite vidéo à vous présenter intitulé "Ou ...
19/07/2021

Salut les amis (es), j'espère que vous allez bien. Aujourd'hui j'ai une petite vidéo à vous présenter intitulé "Ou pa merite sa" c'est une réalisation de 2 Slameurs vraiment sympa Molsœn & Craquant Boy. Si la vidéo vous a plu n'oubliez pas de la liker et de vous abonner à la chaîne pour ne rater aucune vidéo. Cliquez sur ce lien pour visionner la vidéo.

Molsœn & Craquant Boy pa merite sa Décodage Téléphone Création Design

13/04/2021

Ayiti ap pase nan yon enpas, pyès pitit li pat espere li rive la.
Non selman peyi a trè vilnerab sou pwen anviwònmantal, kote Ayiti chak ane pou pi piti li toujou gen yon siklòn ki frapel, ke nou toujou viktim a chak fwa, pa janm gen yon gen preparasyon avan pou diminye enpak la sou popilasyon an, nou vilnerab sou tout risk natirèl yo, e kounya fason sosyete ap evolye a, li vin yon malè pandye pou chak jenerasyon kap vini yo, nou dwe repanse vi nou, repanse peyi a, chanje objektif la vi nou, jan nou ye la se pa yon fyète pou imaj zansèt yo te gentan bay peyi a nan je mond lan. Li pa twò ta, nou ka toujou chanje fizi nou zepol, poun kontinye chemen limyè zansèt nou yo te komanse a🔥🔥🔥🔥

01/10/2020
01/10/2020

Eske Anviwònman Ayiti pa ka bèl ankò???
Eske Ayiti pa ka retounen pwòp ankò ????
Eske Ayiti pa ka diminye vilnerabilite fas a menas natirèl yo????

Se yon seri de videyo ki pral sou paj sa poun analize e jwenn posibilite poun gen yon Ayiti meyè demen

Adresse

Barbot, Route Nle # 2, Km 38
Léogâne

Téléphone

+50931283760

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Lson de Leogâne publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'université

Envoyer un message à Lson de Leogâne:

Partager