06/04/2026
Ewa Konpatriyòt
Pou mwa avril la Emisyon Pwojè Sosyete ap chita sou : SEKIRITE AK LAPÈ.
Pou ouvri seri emisyon sa yo, Diachoix Belfond ap resevwa Darey Luckenson, lendi 6 AK madi 7 avril 2026, pou pale sou sijè " *Panse Eta Dwa ak Sekirite kont gang yo nan peyi Hayti* ".
Branche Radyo Tele Macaya sou 102.5/102.9 FM ou sou lyen an : https://radio.ht/macaya-les-cayes/
Nou deside travay pou peyi n paske " NOU PA GEN PEYI DERECHANJ (Tayson Simon)"
Patisipe ak nou ekri : 4472-0426
Viv Hayti! Viv Zansèt yo! Viv tout Haysyen alawonnbadè!