20/02/2022
BONJOU ak tout citapyen PIYON, LASKAWOBAS AK CERCA-CAVAJAL yo. Koman nou ye? Ak anpil respè Direktè général CITAP la, Rév. Abbé Yves Emmanuel, ak tout ekip ekzekitif la avèk tèt yo byen wo, voye gwo kokenn chenn salitasyon pou nou tout ki anbrase inisyativ sila.🙏🏼
Pa bliye se nou tout ki pou mete tèt nou ansanm pou kominote nou yo kapab gen pwòp centre d'initiation pa yo nan kominotè yo.🙏🏼
Nan ka sa, devwa chak CITAPYEN ( ni dirijan ni etidyan) se kontinye envite tout moun nan zòn pa yo, tout jèn nan tout rakwen ki nan anviwonman pa yo vinn entegré pwojè sosyo pwofesyonél e ekonomik sila.🙏🏼
CITAP se yon modèl pwojè KOLEKTIF, sa vle di, se éfò ak kontribisyon chak moun nan fason pa yo ki pral pèmèt kominote yo, zòn yo gen pwòp sant inisyasyon pa yo. 🙏🏼
Pa bliye tank nou gen anpil paran, fanmi ak etidyan serye kap edidye avèk nou, e ki ap peye ekolaj yo pou nou jwenn mwayen pou nou avanse ak pwojé a nan achte ekipman, peye teknisyen pwofesè yo, epi met kanpe CJSC pou kreye travay nan kominote yo, se tank pri kou yo ap bese epi, pi plis jèn ekolye ap kapab frekante CITAP.🙏🏼
Moman an pral rive pou tout klas jenès kap viv nan peyi a, sispann konte a 100 pou san, sou fanmi, sou dyaspora, sou blan etranje, sou ONG, sou legliz, sou bòlèt, sou boul dyab, sou PREZIDAN, menm sou pwôp paran yo.🙏🏼
Avèk CITAP, nou ka konte sou moun sa yo kem sot site yo, m ak 50 pou san, épi rés 50 lan, ap chita sou fòmasyon teknik ak kapasite òganizasyonèl ke CITAP ap bay etidyanl yo pou kapab rann sosyete a sèvis pandan yap rann tèt yo ak fanmi yo sèvis lè yo fin gradye epi CITAP mete yo sou mache travay la epi kontinye akonpaye yo andan CJSC YO (CLUB JEUNÈSSE DE SERVICE COMMUNAUTAIRE)🙏🏼
Nap fèw sonje ke fós CITAP chita prensipalman sou VOLONTARYA, kolaborasyon, pèfomans ak seryozite komite dirijan lokal yo tankou: administratè, ekonòm, sekretè ak kowòdonatè ki plase alatèt chak filyal CITAP nan kominote pa yo.