06/04/2021
Ou ta renmen fè yon pitit fi oubyen yon pitit gason?nou toujou ap pozem kesyon sou sa men yon ti teknik kap itil nou, pataje ti tèks sa pou plis moun
Sa konn rive gen koup ki prefere pitit gason genyen ki prefere pitit fi e ou kisaw prefere?
Eben ti teknik sa elabore a pati de obsèvasyon syantifik yo fè li pa asire a 100 % pouw metrizel fòw konn s*k manstriyèl ou a dat wap ovile
Pouw konn s*k manstriyèl nou ,se aprè chak konbyen jou ou gen règ , wap kontwolel a pati de jou règ la vini an a jou ki vin avan prochen règ la, tout moun pa gen menm s*k manstriyèl siw te gen règ premye mas ou regenyenl 29 mas ou gon s*k 28 jou
li pa oblije 28 jou sann toujou panse an li ka 27,29 30 etc...
Aprèw pral chèche konn kilèw ap ovile ,se jou ou ka tonbe ansent medam,pa gen gwosès san ovilasyon, fi ovile 14 jou avan règ , wap jis mwens nonb de jou ou jwenn nan s*k manstriyèl la pa 14
Sil 29 ,29-14 ki bay 15èm jou
Sil 30 , 30-14 ki bay 16èm jou
Sin vle pitit gason fè sèks nan jou wap ovile a ou gen anpil chans pouw fè yon gason paske spèmatozoyid a potansyalite maskilen yo pi rapid men yo mwen rezistan se sak fè se jou nap ovile an poun fè sèks
siw vle yon fi , antre nan relasyon kèk jou avan ovilasyon an paske yo remake spèmatozoyid e a potansyalite feminen yo mwen rapid men yo pi rezistan.
Kounya mesye na banm randevou nan 9 mwa 😊
Like & pataje pou plis moun ka jwenn ti konesans sa tou
Idantifye yon moun li avèw
Norbrun Kerry Care-ry