Edu Droit

Edu Droit Présente des thèmes juridiques et partage des documents

-Ajan sosyalizasyon/edikasyon-Edikasyon jwe yon wòl enpòtan nan pwogrè yon sosyete. Entèlijans ak bon konprann nou antan...
18/11/2022

-Ajan sosyalizasyon/edikasyon-

Edikasyon jwe yon wòl enpòtan nan pwogrè yon sosyete. Entèlijans ak bon konprann nou antanke moun se richès nou.

-Pou gen bon jan edikisyon ki pou pèmèt yon sosyete devlope fòk gen bon jan estrikti.
Edikasyon yon timoun pa fèt sèlman lekòl, e youn nan rezon ki fè yo pale de twa milye sosyalizasyon kay yon timoun .
1- fanmi ;
2- lekòl, ak ;
3- Legliz.

1- Fanmi an ki se premye milye an aprann timoun nan mès ki kapab ede li grandi e fanmi an dwe reponn a 50 % nan edikasyon timoun sa.

2- Lekòl la li menm se 2zyèm milye ya li la pou li enstwi e fòme timoun nan sou plan Sosyal, sikoloji, Fizik, entèlektyel e moral.

3- legliz lan ki se twazyèm milye an dwe a konpanye timoun sa sou plan spirityèl,sosyal e moral aprann ti moun renmen pwochen li.

An nou ale gade ki sa lwa peyi an nou di sou ledikasyon.

Selon atik 32 e 32-1 konstisyon 29 mas 1987 ki te amande nan lane 2011 lan di
Leta dwe garanti bon jan edikasyon sosyete li a ki pou fasilite timoun yo patisipe nan pwogrè ak devlopman peyi yo.
E li dwe pote siveyans avèk enfòmasyon fizik, entèlektyèl, moral, pwofesyonèl, sosyal e sivik popilasyon an. Bon jan edikasyon se prensipal misyon Leta avèk kolektivite teritoryal yo.
NB : LEta se fòm siperyè oganizasyon politik absan nan yon sosyete akayik
Lè leta pa pran responsabilite yon gwoup moun met tet yo ansanm pou yo prive popilasyon an de lekòl li, ou, krache nan figi jenès peyi a, ou prive timoun sa de yon ansanm de dwa ke li gen pou li viv nannsosyete an. ou rann timoun sa pale plis de egzistans ke viv.
Me Kerlens Bien-aimé⚖️

-Kontra travay-- kontra travay se yon akò ki ka pran anpil fòm, ki pase ant yon moun ak yon lòt kote you'n dakò poul tra...
10/10/2022

-Kontra travay-
- kontra travay se yon akò ki ka pran anpil fòm, ki pase ant yon moun ak yon lòt kote you'n dakò poul travay anba kontwòl osnon anba zòd li a kondisyon l'ap touche kòb pou travay la.
- kontra travay ka ekziste ant yon patwon ak yon travayè ou byen yon gwoup travayè ak yon patwon ou byen yon gwoup patwon.
Okenn moun, okenn sosyete, okenn ajans pa kapab ranmase moun pou travay pou lòt si li pa genyen lisans direksyon mendèv ba li. De tout fason, lè sa ap fèt travayè ya pa dwe peye anyen.
- Mo travay la vledi nenpòt kisa yon moun ak tout konsantman'l ap fè pou yon lòt mou'n swa ak men li ou byen ak sèvo li, ke se swa pou yon tan ou pou toutan, depi travay sa fèt daprè yon kontra travay.
NB : gen de fason ou kap fè yon kontra travay avèk yon lòt moun li kapab ekri oswa vèbal.

- Annal gade ki sa la lwa ayisyèn nan di sou kontra travay.
Selon atik 15 kòd travay ayisyèn nan Pèsòn pa kapab pase kontra endividyèl pou lajan si li pa gen li vrè travay direksyon mendèv ki fèt daprè fòm kondisyon epi daprè sanksyon lalwa prevwa
- Kontra travay la kapab fèt sou papye oswa nan bouch se lon atik 16 kòd travay ayisyèn nan kontra sa gen dwa detaye oubyen pa detaye, li gen dwa pou yon tan oubyen san delè.
NB : Kontra pou yon tan se lè de (2) moun yo chita pou yo dakò avan pou yo fikse kilè l'ap fini
-Kontra ki san delè a se kontra ki pa fikse lè l'ap fini alavans menm si se yon kontra ki ka kase nenpòt kilè, si se sou volonte travayè a oubyen patwon an, san sa pa deranje dispozisyon la lwa ki reglemante afè kase kontra.
NB : Yon patwon gendwa se yon moun, yon konpayi, yon enstitisyon la lwa rekonèt, ki pase yon kontra travay ak yon lòt pwochen pou peye'l fè yo travay.
- Pou pale de travay genyen twa eleman enpòtan
1- Patwon
2- antreprenè
3- anplwaye ou byen travayè
# @ Me Kerlens Bien-aime (Mitch)
# @ Le Juriste

-Maryaj-Maryaj se yon angajman de moun pran (on fi ak on gason), pou yo kapab viv nan lanmou youn pou lot e konstwi pwòp...
03/09/2022

-Maryaj-
Maryaj se yon angajman de moun pran (on fi ak on gason), pou yo kapab viv nan lanmou youn pou lot e konstwi pwòp fanmi pa yo.

-Maryaj la se yon ak sivil ki piblik e selebrasyon an dwe fèt piblik.

★ An n'al gade ki sa lwa ayisyen an di sou kalite 2 moun yo dwe genyen pou yo marye :
- selon atik 136 kòd sivil ayisyen an, 2 moun sa yo pou yo kapab marye pandan gen konsantman yo sivilman fòk yo majè : gason an dwe genyen 25 lane akonpli e fi a dwe gen 21 nan akonpli.

Nb : etan done atik 17 konstitisyon 29 Mas 1987 la ki te amande nan dat ki te 9 Me 2011 lan yon moun majè lè li gen 18 lane san distenksyon.
Nòmalman pou gen maryaj fòk genyen konsantman
-selon atik 136 kòd sivil ayisyen an si toutfwa gason an gen mwens pase 15 lanne e fi a gen mwens pase 21 lanne yo ta vle marye y'ap bezwen konsantman manman yo ak papa yo pou yo kapab marye.
- Se youn nan 2zòd ki fèt souvan nan sosyete ayisyen an moun yo pran malen plezi yo marye timoun 13. 14 lanne san teni kont de fòmalite lwa peyi an preskri pou sa.
men sa lwa a di pou sa kapab fèt :
- si tout fwa gason an ta gen mwens ke 18 lanne e fi a gen mwens pase 15 lanne yo ta vle marye y'ap bezwen pou prezidan peyi an akòde maryaj la ( atik 133 kòd sivil ayisyen an).

*Pou kounya nou pral antre nan on lòt koze ki se tip maryaj ki egziste*
Gen 3 tip maryaj :
1- Maryaj sivil
2- Maryaj relijye ak
3- Maryaj layik

*Maryaj sivil lan* se yon maryaj ki fèt pa yon otorite piblik nan yon peyi(Eta, Rejyon).

*Maryaj relijye an* se yon sakreman ki ini fi an ak gason an devan Bondye. E seremoni an selebre pa yon pastè oswa yon pè kote yo mande benediksyon ak pwoteksyon pou 2 moun yo ki angaje yo pou yo mennen yon vi komen (fè fwaye). Epi

*Maryaj layik lan* se yon seremoni ki pa relijye, ki kapab selebre nan kelkeswa gran avedman nan vi an men li pa kodifye maryaj ki fèt pa yon otorite piblik nan yon peyi(Eta, Rejyon).

Nb : genyen 3 tip de rejim
1- kominote legal
2- Separasyon dè byen
3- Total oswa kominote inivèsè

" kontra" - Kontra se yon angajman oswa yon konvansyon ki kreye yon pakèt obligasyon ant 2 oswa plizyè moun ki chita ans...
14/08/2022

" kontra"
- Kontra se yon angajman oswa yon konvansyon ki kreye yon pakèt obligasyon ant 2 oswa plizyè moun ki chita ansanm pou yo kapab jwenn yon antant sou yon fè oswa yon sijè.
-Kontra kapab fèt 2 fason li kapab yon kontra ekri oswa yon kontra vèbal (pa mwayen kominikasyon).
- Ki sa la lwa ayisyèn nan di sou kontra ?
- Selon atik 897 kòd sivil ayisyèn nan.
Yon kontra se yon akò ant 2 ou plizyè pati ki oblije mete tèt yo ansan'm pou yo kapab jwen'n yon antant sou yon fè (eleman)
-NB : Se lon atik 897 kod sivil la yon kontra pa fèt ak yon sèl moun pou kontra redije nan nòmalite li genyen twa (3) kritè
1- Fòk genyen konsantman pati yo
2- Fòk pati yo gen kapasite pou kontra
3- Fòk kontra legal ak sèten
- Nan sans laj la gen 2 fòm kontra
a- li kapab yon kontra konsansyèl
b- li kapab yon kontra reyèl
- Kisa ki yon kontra konsansyèl ?
Yon Kontra konsansyèl se yon kontra ki fèt sèlman ak echanj pawòl 2 ou plizyè moun(li fèt vèbal) kelkeswa nan lang li fèt depi pati yo konprann lang lan e dakò ak sa ki di yo.
- kisa ki yon kontra reyèl ?
Yon kontra reyèl se lè 2 ou plizyè pati, yo chita yo fè echanj konsantman e remèt yon objè (yon dokiman). Fòm kontra sa li sòti andedan Dwa women ki bay nesans ak dwa fransè yo ki se orijin dwa ayisyen.

- Contrat-
Le terme contrahere qui signifie " L'action qui engage" apparait au 1er siècle avant J-C. La première compilation des règles contractuelles remonte à l'Empereur justinien en l'an 529, mais c'est en 1804, que le droit des contrats est rassemblé dans le code civil de Napoléon.
-Le droit des contrat est resté quasiment inchangé pendants deux siècles. Pour faire face a des évolution économiques et sociales, Les juges et l'influence
-d'autres branches du droit par exemple(droit de la consommation et droit de la concurrence) ont comblé les lacunes juririques.
#@ Le juriste
#@ Me Kerlens Bien-Aimé
# Darly

L'Habeas corpus- Se yon tèm ke nou souvan tande lap  repete nan lejislasyon ayisyèn nan men gen anpil moun ki konn ki sa...
25/07/2022

L'Habeas corpus
- Se yon tèm ke nou souvan tande lap repete nan lejislasyon ayisyèn nan men gen anpil moun ki konn ki sal vle di e kilè ou ka entante yon aksyon En Habeas corpus
-Apati 16zyèm syèk pakèt peyi an ewôp te pran plezi yo nan vyole dwa moun kote ke yo kreye yon sistèm pou yo akapre lô ak lajan anpil lot ti peyi ki an amerik an afrik eksetera.
- Pèp britanik lan se youn nan pep ki respekte dwa moun e ki renmen dwa moun e kite menm kont abi yo tap f moun sibi apati 16zyèm syèk
-An 1769 palmantè nan peyi langletè pwal vini avek tem sa pou yo kapab pwoteje libète endividyèl chak gren'n sitwayen yo ta arive arete an nabsan dè prèv tanjib oswa yon arestasyon ki pa detèmine pa la lwa
- Pouw entante yon aksyon an abeyas kôpous gen twa kritè
1- Menace de privation de liberté
2- Arrestation en dehors des cas et normes prévus par la loi
3- Lorsque la détention excède quarante-huit (48) heurs
NB: Lorsque le détenu à passé près de 48 heurs de temps en détention sans avoir écouter par son juge naturel, il est en détention préventive Prolonge.
Me Kerlens Bien-Aimé (Le juriste)

Adresse

16, Rue Descollines, Pacot
Port-au-Prince

Heures d'ouverture

Lundi 10:30 - 17:00
Mardi 09:00 - 18:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00
Samedi 09:00 - 15:00
Dimanche 09:00 - 17:00

Téléphone

+50944010038

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Edu Droit publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager