Cité du Cap-Haïtien

Llamar Cómo llegar

Cité du Cap-Haïtien 📍 CAP-HAÏTIEN 🇭🇹
📸 Photos • Vidéos • Actualités • Culture
🌴 Montrer le Cap autrement.
❤️ Notre ville, notre histoire, notre fierté.

L'Hôtel de Ville du Cap-Haitien (Mairie Cap-Haïtien )Meri Okap la sitiye nan kè sant-vil la.Li ankadre pa zòn Rue 18 pou...
11/09/2026

L'Hôtel de Ville du Cap-Haitien (Mairie Cap-Haïtien )

Meri Okap la sitiye nan kè sant-vil la.
Li ankadre pa zòn Rue 18 pou rive Rue 20 (ant ri F ak H) anfas Plas nòtre dam lan ( Place Notre-Dame) oubyen Plas Dam lan (Place d'Armes)
​
Ti kout Istwa sou espas sa :

​Peryòd Kolonyal (Syèk 17 ak 18):
Espas sant-vil sa a se te kè politik, administrasyon, ak relijye lè vil la te rele Cap-Français e li te kapital Saint-Domingue. Nan epòk kolonyal la, bò kote Cathédrale Notre-Dame du Cap-Haïtien te gen Place d'Armes kote yo te konn fè gwo defile militè, seremoni, e menm piblikasyon lòd administratif.

​Dega ak Reconstruction (1842 ak Peryòd Endepandans):

Menm jan ak anpil lòt Kay nan vil Okap, espas sa a ak gwo konstriksyon ki nan zòn nan te sipòte anpil nan gwo evènman istorik ak katastwòf 1842 a.

​Nan lane 1842, yon gwo tranblemanntè te ravaje vil Okap e li te detwi anpil nan batiman administratif yo ak ansyen legliz la.

​Yo te rekonstwi anpil nan batiman yo nan dezyèm mwatye 19yèm syèk la ak kòmansman 20yèm syèk la ak yon stil achitekti kolonyal ak kreyòl (ak galri, poto, ak gwo fenèt arc) ki bay sant-vil Okap la tout favè ak cham li genyen jodi a.
​
Jodi a :
Espas Mairie du Cap-Haïtien an se sant jesyon ak administrasyon kominal vil la. Se la tout desizyon enpòtan sou vil la, sou espas piblik yo, ak sou devlòpman Okap pran, toupre gwo plas piblik santral la ki se yon gwo pwen reyinyon pou abitan yo ak touris yo.

Plas "Toussaint Louverture"​Nan mitan vil Okap, Place Toussaint-Louverture pa yon plas tankou tout lòt yo. Dèyè lanbyans...
10/09/2026

Plas "Toussaint Louverture"

​Nan mitan vil Okap, Place Toussaint-Louverture pa yon plas tankou tout lòt yo. Dèyè lanbyans ak mambatan mache a chak jou, dèyè etalaj ak machandiz yo, gen yon lyen ki pote plizyè syèk nan istwa vil la.
​Jodi a, jan li okipe an gran pati pa mache ri 3 a, plas sa a nan mitan yon dezakò sou lavni espas piblik yo nan vil Okap.

Otorite minisipal yo ta renmen pi byen òganize komès la ak libere lari yo, pandan machann yo ap defann aktivite yo ak espas travay yo. Men, pi lwen pase konfrontasyon sa a ki la kounye a, gen yon kesyon ki pi fon ki poze : kisa nou vle fè ak lyen istorik sa a ki fè pati memwa vil Okap ?

​Yon ansyen plas nan Cap-Français
​Place Toussaint-Louverture se youn nan pi ansyen plas piblik nan vil la. Li nan ri 3 H-I

Ann Apwann plis de OKAP Se pandan peryòd kolonizasyon fransè yo, vil la te pran yon gwo enpòtans.Nan 1670, Fransè yo eta...
09/09/2026

Ann Apwann plis de OKAP

Se pandan peryòd kolonizasyon fransè yo, vil la te pran yon gwo enpòtans.

Nan 1670, Fransè yo etabli yon koloni nan zòn nò a. Vil la te devlope bò Bay Cap-Français e li te vín rele Cap-Français.

Pandan 18yèm syèk la, Cap-Français te vín youn nan pi gwo vil koloni fransè Saint-Domingue.

Li te yon sant:
•komès;
•pò maritim;
•agrikilti ak plantasyon;
•administrasyon kolonyal;
•lavi sosyal ak kiltirèl.

Nan epòk sa a, Saint-Domingue te youn nan koloni ki te pote plis richès pou Lafrans.

Photo : Plas Ri 18 OKAP ❤️

🇭🇹  Cap-HaïtienOkap, ke yo rele Cap-Haïtien an fransè, se youn nan vil ki gen plis enpòtans nan listwa Ayiti. Li sitiye ...
08/09/2026

🇭🇹 Cap-Haïtien

Okap, ke yo rele Cap-Haïtien an fransè, se youn nan vil ki gen plis enpòtans nan listwa Ayiti. Li sitiye nan nò peyi a, bò lanmè, nan yon zòn ki te vin tounen youn nan sant ekonomik, politik ak kiltirèl ki pi enpòtan nan epòk kolonyal la.

Anvan kolonizasyon Ewopeyen an
Anvan Espanyòl ak Fransè yo rive, rejyon nò Ayiti te abite pa pèp endijèn, sitou gwoup Taíno yo. Teritwa sa a te fè pati yon gwo sistèm kominote endijèn ki te egziste sou zile Ayiti a.
Apre arive Kristòf Kolon an nan 1492, kolonizasyon Espayòl la te kòmanse chanje estrikti sosyal ak ekonomik zile a.

07/09/2026

Cap-Haïtien ❤️🫶

Yon ti vwayaj nan Okap dantan 🇭🇹Source : Ed Bernadin (FB)
07/09/2026

Yon ti vwayaj nan Okap dantan 🇭🇹

Source : Ed Bernadin (FB)

Bonjour Bonjour depuis le Cap-Haïtien ❤️🫶
04/09/2026

Bonjour Bonjour depuis le Cap-Haïtien ❤️🫶

Bonjour ☺️ Ki kote la ye?
03/09/2026

Bonjour ☺️
Ki kote la ye?

Le cap peut renaître de ses cendres 🐦‍🔥
02/09/2026

Le cap peut renaître de ses cendres 🐦‍🔥

Bonjour avec Cap-Haïtien ❤️
27/08/2026

Bonjour avec Cap-Haïtien ❤️

Dirección

Gurabo Santiago
Santiago
51000

Horario de apertura

Jueves 01:00 - 05:00
Domingo 01:00 - 05:00

Teléfono

+50947300683

Página web

Notificaciones

Sea el primero en enterarse: le enviaremos un correo electrónico cuando Cité du Cap-Haïtien publique novedades y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin y puede darse de baja en cualquier momento.

Atajos

Compartir