21/10/2025
Ou renmen presizyon, òganizasyon, ak bon jès finans? Lè sa a, Kontabilité fèt pou ou! 💼✨
FOMBRUN ECOLE PROFESSIONNELLE ET TECHNIQUE louvri pòt li pou tout moun ki vle metrize atizay kontab la, konprann kijan lajan sikile, epi vin poto mitan nan nenpòt antrepriz oubyen enstitisyon.
📘 Aprann jere, planifye, analize, ak pran bon desizyon finansye.
📈 Fè premye pa w nan yon karyè solid, serye, e respekte toupatou.
👉🏾Pa kite opòtinite sa pase!
ofisyèlman kou kontabilite yo demare samedi 18 Octobre ki sot pase a. men ou genyn chans pou ou bénéfisye privilèj ou toujou ak FEPT paske nou vle akonpanyew.
💡 Enskri kounye a e bati avni ou ak filyè Kontabilite a nan FEPT ki la pou chanje lavi.
👉🏾👉🏾pa bliye, fòmasyon w nan FOMBRUN École Professionnelle Et Technique se kle ki louvri pòt siksè!
avèk:
* 👨🏽🏫yon estaf pwofesè konpetan, eksperimante pou akonpanyew
* 📋yon pwogram detid ke enstans ki la pou régilarize kesyon sa a soumèt nou pou asire bon ja fiabilité ansèymanw.
* garanti estaj ou nan différan enstitisyon de Kad, se priorité nou.
📁pyès wap bezwen
pou enskri:
1) Kopi ak de nesans ou Kopi kat idantite, oswa paspò, pèmi kondwi oswa matrikil fiskal.
2) 2 foto idantite ki fèt nan yon dat resant
3) Kopi diplòm bakaloreya, oswa NS4, oubyen Kopi Fich Bakaloreya siw poko genyn diplòm lan nan menw. oubyen siw te ale konpoze ou pa réyisi men ou gen sousi pou ale nan BAK pèmanan.
FEPT toujou la pou akonpanyew, pa di wap gen tan. Mèsi!👌🏾
✍🏼Administrasyon FEPT!✍🏼