26/12/2025
*❍ᴥ❍ • FAN QPS* : Devan tout efò jwè ekip Univers a, mwen bese chapo m byen ba pou m salye depa yo nan konpetisyon QPS-25 la.
Sa fè m mal paske mwen te wè nan yo yon finalis, yon ekip chanpyon, si yo te mete bon prensip ansanm ak detèminasyon. Paske m te toujou di moun yo : *“Que le meilleur gagne”*.
Men jodi a, mwen vin konprann yon verite enpòtan e absolu ke *Le meilleur ne gagne pas toujours mais le plus intelligent avec le moins d'erreurs possible.*
*Ui mesye, se pa toujou pi bon yo ki toujou genyen, men se pi entèlijan yo, sila yo ki fè mwens erè posib.*
Kisa ki dwe pase, ekip Univers a menm ?
Èske se yon mank eksperyans ?
Oswa èske se twòp presipitasyon ?
Oubyen se Jeff ki modi yo ? Sa m poko konnen.
Malgre tou, devan efò yo, kapasite yo, mwen voye tout soutyen mwen bay chak jwè e kotch ak asesè a. Mwen swete nou pran tan reflechi sou sa ki pa t mache, sou desizyon ki dwe pran, epi sou sa ki dwe chanje. Mwen dezole si nou kwè yon jeni janm fin prepare, epi tou si nou te kwè nan byen pre vle di lakay pou sa.
Mwen renmen nou anpil, konpetisyon an pa fini, pran leson yo. M ap tann nou ane k ap vini, pi fò, pi saj, epi pi pare.
Mandelamania