25/07/2023
Separasyon
___________________
Nan pakou nou nou toujou ap toujou rankontre ak Moun.
Gen Moun ou rankontre ki la pou lontan.
Genyen ki la pou Yon titan.
Genyen tou ou jus rankontre pou kèk minit.
📌Nan pakou w bezwen identifye Moun ki la pou lontan ak Moun ki depasaj ki jis vinn ranpli yon misyon.
🛑Moun ki la pou Yon misyon an gen Yon lè lap rive pou w separe ak Moun sa .
Lè lèa rive se pa ni demon ni pwoblèm ,ni lòm
Men se lè w ki rive
Nonb tan ki te ekri pou n pase ansanm nan ki rive.
🚨Ou dwe konnen se pa tout Moun ki komanse ak ou kap fini avèw
🚨Moun ki vinn ranpli misyon an li pagn menm destine avew li pagn menm direksyon li jus vinn fè Yon travay.
🕎BonDye konnen ki Moun kap kapap fè wout long avèw kilès ki PAP kapab.
👉🏼Lè wap separe ak Yon Moun ou dwe bat pou w separe byen san bri san kont ,san w pa bezwen enmi ak Moun nan.
👉🏼Fèsa ak lanmou epi anpil sajès
👉🏼Bat pou nou Youn pa kite lot Ak dlo nan je , doulè ,blesi.
Abraham te oblije Separe ak Lo paske lè yo te rive
Jacob te oblije Separe ak laban paske lè yo te rive.
Lew te fenk atache ak lè wap separe PAP janm menm men w dwe prè pou Di Babay ,se te Yon plezi ,li te bon pou nou te ansanm.
✋Atansyon atansyon atansyon
Depi lè w rive pa fòse rete ni pa fose l rete
Kelkeswa sa w t pote nan vil oubyenl te pote nan
Si n fòse nou Ka regret pandan tout lavi nou .
✍️Tout Moun ou separe avel ou dwe l respè ak onè
Konsèy: Chak rankont ou fè mande BonDye ki bi rankont Mwen ak entèl
èske c pou lontan ou pou Yon titan?
VFD ♥️🦅🔥
Bon lajounen