25/05/2021
10 bagay poun pa fè avèk ti bebe ki fenk fèt, ki nimewo ou pat konnen?
yon ti konesans anplis ka sove anpil vi ti bebe pa neglije pataje pou plis paran a moun ki gen pou paran atenn e jwenn konesans
1-pa sèvi a poud de talc , yo konn relel poud pou bebe, li trè an vòg ke yo itilize pou seche dèyè bebe yo, e pou bay bon sant lè n fin chanje bebe yo kouch, jounen jodya li dekonseye pwiske yo remake talc la ka bay bebe an pwoblèm poul respire, veye aske poud bebe nap sèvi yo pa gen talc
2- pa benyen ti bebe yo a pwodwi pafime tankou
savon , chanpou, ben mousan ki pou granmoun, yo gen twòp ajan chimik, ki ka irite ti po frajil bebe an, prefere nou itilize ti savon a ti chanpou ki fèt pou bebe
3- pou kòd lonbrit li ka sèch pou yo tonbe fò n pa kouvri kòd lonbrit ti bebe yo swa avèk swa daypè oubyen kouchèt poun pa konprime yo, fòn kenbe kòd lonbrit la sèk aprè n fin benyen yo ,sechel pou evite kòd lonbrit li enfekte
4-pa janm kite bebe yo dòmi sou vant se sou do pou yo dòmi ,paske si fas li jwenn a kabann nan lap toufe li pap gen ase fòs poul vire sou do, e se youn nan rezon ki koz anpil ti bebe mouri nan dòmi an Ayiti paske lakay nou , nou pa vle mete yo dòmi sou do nou konn di yap vale dlo dan, se pa vre paske depi bebe ap dòmi kantite saliv la diminye
5-lè nap lave tèt bebe yo fè atansyon poun pa fwotè twò fò ti twou nou konn wè devan a dèyè tèt bebe yo,poun pa andomanje siti nan zo tèt li ki ka gen konsekans pi devan sou li,fwonte dousman , rensel, lèn ap seche tèt bebe yo , tapotel tou dousman avèk yon ti sèvyèt
6-lè nap siye dèyè yo evite ti mouchwa imid santi bon yo, a koz de imidite ki genyen ladan yo , yo ka irite dèyè bebe yo ,pou evite sa byen siye dèyè bebe yo a yon ti sevyèt taponenl dousman epi byen seche dèyèl, pou netwaye ti pati jenital (koulout a ti bouboun) bebe an ,itilize dlo a savon ki fèt pou bebe, epi byen sechel a yon sèvyèt ki pwòp
7-pa redi kale ti peni ti gason yo lèw ap netwaye peni yo, gen timoun ti peni yo pran tan pou kale , ou pa bezwen pè, yo gen jiska 3 zan poul kale pou kòl
8-bebe an bezwen chalè se vre men pa kofre yo an Ayiti nou gen tandans kofre bebe yo a gwo rad nap di pou fè yo djanm, se sak fè nou konn wè yo gen yon bann ti bouton ki pouse sou yo sa nou rele fet chalè an , evite met twòp rad sou yo
9-pa kite bebe yo dòmi a bibwon lèt nan bouch yo sa ap detwi emay dan bebe , an tan nòmal saliv la netralize tout asidite nan bouch bebe an , lè bebe an ap dòmi janm te di nou an kantite saliv la diminye li pa fè travay jan poul ta fèl ,se youn nan rezon nou konn wè anpil timoun gen dan kari
10-pa bay bebe yo siwo myèl avan laj 1 an, siwo myèl yo konn gen spò mikwòb ladan yo ki ka san danje pou granmoun nan , pa kont yo konn devlope nan trip ti bebe an e bay sa yo rele "botulisme infantile " ki ra men ki ka touye ti bebe yo
like & pataje
idantifye yon moun li avèw
Mariem Malainine, Sabrina Hammoum , Kerry NORBRUN
Map envite nou gad yon video konsènan
Paran ayisyen repite pou renmen bat timoun ,yo di yo bay manti, e a yon laj timoun nan pa konsyan de reyèl a manti, gen peyi ki pa asepte paran bat timoun , menvite nou dekouvri sak pase an reyalite klike sou lien sa
https://youtu.be/3mnkyoAkRN0
Wap antre dirèk pa bliye abone a chanèl la e aktivive klòch notifikasyon an