HAITI Géo Tech Services

HAITI Géo Tech Services Solution en Cartographie, SIG, Analyse et traitement des informations Géo-Spatiales

Plus on monte en altitude,  plus il fait froid.  Même en été à Cornillon,  le froid est intense.
19/08/2025

Plus on monte en altitude, plus il fait froid. Même en été à Cornillon, le froid est intense.

05/03/2025

Aksesiblite a sèvis bankè nan depatman Nòdwès Ayiti: Yon kastèt pou moun ki abite nan komin periferik Pòdepè.
Depatman Nòdwès se youn nan dis (10) depatman peyi DAyiti, li genyen kòm chèflye komin Pòdepè. Depatman Nòdwès gen yon sipèfisi 2,103 km2 ak yon popilasyon ki evalye a 662,777 abitan daprè estimasyon Enstiti Ayisyen Estatistik (IHSI, 2009). Nòdwès divize an 3 awondisman ak 10 komin. Awondisman Mòl Sennikola, ki konpoze de 4 komin : Mòl Sennikola, Bedeyèn, Bonbadopolis ak Jan-Rabèl. Awondisman Pòdepè gen 4 komin ; Pòdepè, Basen Ble, Chansòl ak zile Latòti, anpi anwondisman Sen Lwi Dinò ki genyen 2 Komin : Sen Lwi Dinò ak Ansafolè.
Nan depatman Nòdwès, konsantrasyon sèvis bankè yo nan yon sèl lokalite poze yon gwo defi pou aksè a sèvis finansye pou majorite moun kap viv ladan. Pou 10 komin depatman an, li genyen Selman 4 enstitisyon bankè ki se: UniBank, SogeBank, BNC ak BUH. toulèkat enstitisyon sa yo twouve yo non sèlman nan pòdepè, men tou, yo regwoupe yo nan menm blòk. Konsantrasyon sila fè aksè a sèvis bankè difisil pou yon gwo pati nan popilasyon an. Sa ki soulve anpil kesyon sou enpak ekonomik ak sosyal santralizasyon sa genyen.
Sektè bankè jwe yon wòl enpòtan nan devlopman ekonomik yon rejyon, li fasilite tranzaksyon finansye, aksè a kredi ak epay. Alòske, nan depatman Nòdwès, aksè a sèvis esansyèl sa yo rete limite akòz konsantrasyon jeyografik enstitisyon bankè yo nan sèl komin Pòdepè, ki se chèflye depatman an. Sitiyasyon sa a fòse moun yo ki nan lòt komin yo pakouri anpil distans pou vin pran sèvis nan ban yo
Repatisyon inegal sa a nan sèvis bankè ki genyen nan depatman nòdwès la genyen gwo konsekans sou devlopman ekonomik lokal la. Moun ki nan zòn ki lwen yo fè fas ak anpil obstak ki anpeche yo mete lajan Labank, prete ak jwenn lòt sèvis yo te ka jwenn nan bank yo. Anplis de sa, mank enfrastrikti bankè sa a konplike efò pou fòmalize ti biznis yo ak konbat povrete nan rejyon an.
Se nan kontèks sa a, ki fè nou estime li esansyèl pou nou pataje pwoblèm moun nòdwès ap fè fas ak rès popilasyon an, anpi wè konsekans konsantrasyon sèvis bankè sa yo genyen sou depatman Nòdwès, prezante reyalite sa atravè de kat jeyografik pou montre lokalizasyon Bank yo nan pòdepè, parapò a lòt komin periferik yo.
Konsekans ak temwayaj kèk moun ki rete trè lwen pòdepè bay sou difikilte yo genyen pou yo pran sevis Labank nan depatman an :
Moun ki abite nan kominote ki lwen yo tankou Bèdeyèn, Mòl Sennikola, Bonbadopolis, rankontre anpil difikilte ki fè lavi yo parèt difisil chak jou, sitou lè yo gen pou yo al pran yon sèvis Labank. Youn nan kontrent prensipal yo rapòte se pil kòb transpò yo oblije peye pou vin pran sèvis la anpi Pou yo rive nan youn nan bank ki Pòdepè yo, selon kote moun yo ap soti, genyen ki pase plis pase 5 oubyen 6èd tan nan yon seri de wout ki an movè eta, san konte tan yo konn pèdi lè machin oubyen moto pran pàn avèk yo sou wout la, sa ki jeneralman ogmante tan pou yo rive Pòdepè.
Pou vin pran yon sèvis Labank, kèk moun ki abite lwen Pòdepè konn oblije pran yon jou pou vin dòmi kay yon zanmi, fanmi nan Pòdepè, tann nan demen pou ale pran sèvis yo bezwen an. An jeneral, yo rive yon jou davans pou yo ka rive Labank la nan demen maten byen bonè. Nap fè konnen Bank yo nan Pòdepè fonksyone jeneralman soti 9 am pou rive 1è pm. Orè limite sa, ansanm ak vwayaje nan move kondisyon nan wout ki pa bon pou vini labank, fè anpil moun pase plizyè jou jis pou konplete yon senp tranzaksyon bankè.
Men kèk prensipal difikilte ak konsekans pwoblèm konsantrasyon bank sa poze:
1. Difikilte pou moun jwenn aksè a sèvis finansye: Konsantrasyon bank yo nan Pòdepè fòse moun ki abite nan lòt komin yo pakouri long distans pou fè yon operasyon bankè. Sa a reprezante yon pèt de tan konsiderab plis gwo depans transpò. Yon moun kap vin pran 15 000 Goud Labank konn ap depanse plis pase 5 000 goud transpò jis poul vin fè tranzaksyon an. Sa ki dekouraje yon gwo pati nan popilasyon nan koze ale pran sèvis Labank.
2. Esklizyon finansye: Akòz elwayman jeyografik sa, anpil moun nan zòn riral yo pa gen aksè a sèvis bankè, tankou fè epay, kredi ak transfè lajan. Esklizyon finansye sa a limite moun yo pou yo antre nan mache fòmèl la, fè fas ak kèk ijans finansye, oswa pou yo vin epanye.
3. Ogmante inegalite sosyal: Inegalite ant abitan Pòdepè ak abitan lòt komin yo ap vin pi gran. Moun ki rete nan komin elwanye yo vin defavorize, sa ki ranfòse diferans ekonomik ak sosyal nan depatman an.

Département du Plateau CentralSuperficie:           3,675 km²Chef-lieu:            HincheLimites      Au nord:         L...
26/11/2024

Département du Plateau Central

Superficie: 3,675 km²
Chef-lieu: Hinche

Limites
Au nord: Les départements du Nord et du Nord-Est;
Au sud: Le département de l'Ouest;
À l'est: La République Dominicaine;
À l'ouest: Le département de l'Artibonite.

Arrondissements:
4 arrondissements divisés en 12 communes.

I - Hinche, communes : Hinche, Maïssade, Thomonde, Cerca-Carvajal
II - Mirebalais, communes : Mirebalais, Ville-Bonheur (Saut-d'Eau)
III - Lascahobas, communes : Lascohobas, Belladère et Savanette
IV - Cerca La Source, communes : Cerca-La-Source et Thomasique

Département de l'ArtiboniteSuperficie:           4,984 km²Chef-lieu:            GonaivesLimites      Au nord:         Le...
26/11/2024

Département de l'Artibonite

Superficie: 4,984 km²
Chef-lieu: Gonaives

Limites
Au nord: Les départements du Nord et du Nord-Ouest;
Au sud: Le département de l'Ouest;
À l'est: Le département du Centre;
À l'ouest: Le Golf de la Gonâve.

Arrondissements:
5 arrondissements divisés en 15 communes.

I - Gonaïves, communes : Gonaïves, Ennery et Estère
II - Gros-Morne, communes : Gros-Morne, Terre-Neuve et Anse-Rouge
III - Saint-Marc, communes : Saint-Marc, Verrettes et La Chapelle
IV - Dessalines, communes : Dessalines, Petite Rivière de l'Artibonite, Grand Saline, Desdunes
V - Marmelade, communes : Saint-Michel de l'Attalaye et Marmelade

Note de Sympathie de HAITI Géo Tech Services À la population haïtienne, en particulier celle de la grande région métropo...
15/11/2024

Note de Sympathie de HAITI Géo Tech Services

À la population haïtienne, en particulier celle de la grande région métropolitaine de Port-au-Prince,

Haïti Géo Tech Services tient à exprimer sa profonde sympathie envers toutes les familles et communautés touchées par l’insécurité grandissante et les violences causées par les gangs armés. Nous reconnaissons la souffrance, l’inquiétude et les défis quotidiens que ces circonstances imposent, rendant la vie encore plus difficile pour des milliers de nos concitoyens.

Nous sommes aux côtés de ceux qui luttent pour la sécurité, la paix et le droit de vivre dignement dans leur propre pays. Nous saluons le courage et la résilience de chaque personne qui, malgré les obstacles, continue de croire en un avenir meilleur pour Haïti.

Dans ces moments éprouvants, Haïti Géo Tech Services réitère son engagement envers le développement et le bien-être de notre chère nation. Nous restons solidaires avec le peuple haïtien, espérant que des jours plus sûrs et prospères viendront bientôt.

En toute solidarité,

Haïti Géo Tech Services

Fin.

"Le géographe n'est pas qu'un créateur de cartes, mais un interprète de l'espace. Chaque carte qu'il crée est une lectur...
03/11/2024

"Le géographe n'est pas qu'un créateur de cartes, mais un interprète de l'espace. Chaque carte qu'il crée est une lecture unique du monde, un langage visuel qui traduit la complexité des lieux en symboles, en couleurs, et en formes, pour les rendre compréhensibles."

ComPetter Peterson géographe, technicien en SIG

Adresse

Delmas

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque HAITI Géo Tech Services publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'université

Envoyer un message à HAITI Géo Tech Services:

Partager