Maziñho Chérubin

Maziñho Chérubin Comptable, Enseignant et Predicateur

16/07/2024

Pa Konfonn Eprèv ak Tantasyon, Yon Tantasyon Ka Yon Eprèv, Men Yon Eprèv Pa Tantasyon. Yon Eprèv Se Yon Egzamen, Yon Tès Ke BONDIEU ap Pase'w. Yon Tantasyon Se Yon Eprèv Ke satan ap Pase'w. Entansyon BONDIEU nan Yon Eprèv Se Pou'l Teste Lafwa'w, Se Pou'l Aprann Ou Sa'w Pat Konnen, Se Pou'l Ede'w Grandi Spirityèlman nan Tout Domèn nan Lavi'w. Entansyon satan nan Yon Tantasyon Se Pou'l Fè'w Tonbe, Se Pou'l Fè'w Peche Kont BONDIEU, Se Pou'l Regrese'w Spirityèlman nan Tout Domèn nan Lavi'w. Nan Yon Eprèv, Ou Ka Reyisi Konsa Tou Ou Ka Echwe, Tou Depann de Nivo Lafwa'w nan BONDIEU. Nan Yon Tantasyon, Ou Ka Tonbe Konsa Tou Ou Ka Pa Tonbe Kont satan, Tou Depann de Dimansyon Spirityèl Ou e de Eksperyans Ou ak BONDIEU. Lakay BONDIEU Se Tankou Yon Lekòl, Nou Ka Nan Menm Legliz, Nou Ka Gen Menm Kwayans, Men Nou Pa Gen Menm Nivo Lafwa, Nou Pa Nan Menm Klass, Nou Pa Gen Menm Dimansyon Spirityèl nan BONDIEU epi Nou Pap Fè Menm Mwayèn Aprè Chak Eprèv. Nan Yon Eprèv, Ou Ka Pèdi Yon Pakèt Bagay : Sante'w, Fanmi'w, Lajan'w, Travay ou, Byen Materyèl ou etc... Men Malgre Tout Pèt Ou Ta Fè, Si'w Toujou Rete Fidèl ak BONDIEU, Si'w Pa Janm Ofanse BONDIEU, Si'w Pa Bay Sa Moun ap Di'w Priyorite Sou Sa BONDIEU Di'w, Si'w Reyisi Eprèv Sa, BONDIEU ap Ba'w Plis Ke Sa'w Te Pèdi Yo, BONDIEU ap Miltipliye Benediksyon'w Yo. Anvan'w jwenn Lò a, Fòk Fer a Pase Pa Eprèv, Bijoutye an dwe Pase'l nan Dife, Sable'l epi Ba'l Fòm Bijou Ki nan Plan'l lan. Anvan Mèb la Fèt, Fòk Bwa Yo Pase Pa Eprèv, Ebenis lan dwe Koupe Bwa yo, Sable Yo, Kloure Yo, Bay Mèb la Fòm Ki nan Plan'l lan epi Poli'l. Menm Jan an Tou, Gen de Viktwa Pou Genyen nan Kèk Konba, Gen de Benediksyon Pou Jwenn nan BONDIEU, Gen de Kote Pou BONDIEU Rive Avèk Ou, Fòk Li Pase'w Pa Eprèv. Si nou Sonje Istwa Job la, Nap Konprann Verite Kap Degaje nan Mesaj sa...(Jacques Chap. 1 Vs 2 à 16 ; 1 Corinthiens Chap. 10 Vs 9 à 13 ; Job Chap. 1 à Chap. 42 ; Voir La Bible)

Fr Maziñho Chérubin 🙇🏻‍♂️
Ke Pawòl Sa Yo Fè Chemen Yo 💥
Sa Ki Gen Entèlijans Pou Konprann Yap Konprann 💥
Tout Glwa Pou BONDIEU Vivan an 🔥

Leu Yon Ti Poul 🐣 Fin Fèt, Depi Ti Poul La Mache🐥, Manman Poul La 🐔 Kòmanse Montre Li Travay, Aprann Li Grate Tè, Aprann...
24/09/2023

Leu Yon Ti Poul 🐣 Fin Fèt, Depi Ti Poul La Mache🐥, Manman Poul La 🐔 Kòmanse Montre Li Travay, Aprann Li Grate Tè, Aprann Li Chache Manje Pandan Lap Fè Edikasyon Li. Si Manman Poul La 🐔 Mouri, Papa Kòk 🐓 Pran Responsablite'l Pou'l Fè Menm Travay La Jiskaske Ti Poul Yo 🐤 Vin Gran Yo Ka Pran Responsablite Tèt Yo. Parabòl Sa Valab Tou Pou Nenpòt Lòt Espès Zannimo nan Lanati Ou Ta Vle Pran Kòm Egzanp 🌴🌊🌳🌲. Leu 2 Moun Pran Angajman Pou Fè Yon Timoun👨‍👩‍👦, Se Pa Yon Angajman Ki Piti, Se Yon Angajman Ki Sakre🔥, Se Yon Angajman Ki Mande Anpil Preparasyon Moral, Sosyal, Spirityèl Bò Kote 2 Moun Yo. Fè Timoun Se Yon Benediksyon, Men Se Leu'w Te Prepare anvan'w Te Pran Angajman Pou'w Te Fè'l, Se Leu'w Gen Mwayen ak Kapasite Pou Okipe Timoun Sa, Pou Fè Edikasyon Timoun Sa. Fè Timoun Se Yon Peche, Se Leu'w Pat Prepare anvan'w Te Pran Angajman Pou'w Te Fè'l, Se Leu'w Pa Gen ni Mwayen ni Kapasite Pou Okipe Timoun Sa, Pou Fè Edikasyon Timoun Sa. Se Yon Peche Ki Tèlman Grav, Leu Timoun Sa Vin Gran, Peche Sa Ka Kòz Timoun Sa Vin Kont Ou Demen, Peche Sa Ka Kòz Timoun Sa Vin Yon Wont, Yon Menas ni Pou Ou ni Pou Sosyete a Si BONDIEU Pa Fè'w Gras. Apre Maryaj mwen, Mwen Pase 2 ans e demi ap Travay, Fè Biznis, Pran Fòmasyon sou Fanmiy nan Objektif Poum Prepare'm, Pou'm Prepare Madanm mwen anvan nou resi Pran Angajman Sa.. Jodi a Mwen Santi'm Fyè, Kounye a Mwen Kòmanse ap Kontanple Rezilta Preparasyon'm Yo Pandan Map Karese Vant Madanm nan. Si Majorite Paran Ayisiyen Te Gen Konesans Sa Map Bay La, Si Majorite Enstitisyon nan Peyi a Tankou Legliz, Lekòl, Lopital, Òganizasyon Sosyal Fanmiy yo etc Te Itilize Mwayen Pou Anseye, Fòme, Epi Ankadre Chak Fanmiy ki nan Sosyete Sa, Tap Gen Mwens Timoun nan Lari a Ki nan Mandisite, Kap Siye Machin. Ensekirite a Tap Mwens nan Peyi'm.. Legliz Lokal yo Tap Resi Atenn Yon Pati nan Misyon Sosyal Yo Sou Tè Sa...(Genèse 1 : 28 ; Deutéronome 6 : 5 à 8 ; Psaumes 78 : 2 à 8 ; Proverbes 22 : 6 ; Ephesiens 6 : 4 ; Voir La Bible)

Fr Maziñho Chérubin
Sa Ki Gen Entèlijans Pou Konprann Yap Konprann
Tout Glwa Pou BONDIEU Vivan an 🔥

Diferans Yon Fanm Pa Chita Sèlman Nan Bote'L, Diferans Yon Fanm Chita Tou Nan Edikasyon Familyal Li. Chak Fanm Ou Jwenn ...
18/09/2023

Diferans Yon Fanm Pa Chita Sèlman Nan Bote'L, Diferans Yon Fanm Chita Tou Nan Edikasyon Familyal Li. Chak Fanm Ou Jwenn Nan Sosyete Sa, Kèlkeswa Laj Li, Nasyonalite'L, Ras Li, Mantalite'L, Nivo Entelektyèl Li, Mòd de Vi Li, Li Reprezante Fwi ak Rezilta Paran, Fanmi, Moun Ki Te Leve'L La, Li Reprezante Fwi ak Rezilta Gason ak Zanmi Lap Frekante Yo. Yon Gason Kap Pran Fanm, Pa Pran'L Nan Objektif Pou'w Detwi'L, Men Pran'L Nan Objektif Pou'w Konstwi'L. Lè'w Detwi Lè'w Denigre Yon Fanm, Ou Detwi Ou Denigre Pwòp Tèt Ou. Sou Pawòl Sa, Mwen Koube Chapo'm Byen Ba Poum Swete *Une Heureuse Anniversaire avec Cette Merveilleuse Créature*, Li Se Fanm Vi'm, Fanm Fwaye'm, Manman Pitit mwen, Enèji Ki Ranfòse'm Leu'm Santi'm Fèb, Antidòt Pou Tout Viris mwen, Batman Keu'm, Plim anndan Twou Nen'm, Difisil Poum Rache'l Tèlman Li Sansib. Ke JÉZU Kontinye ajoute Plis Gras, Plis Benediksyon, Plis ane nan Lavi'w. Ke JÉZU Toujou Pran Premye Plas nan Lavi'w, Ke JÉZU Kontinye itilize'm Pou'm Anseye'w, Fòme'w, Aprann Ou, Pou'm Ede'w Grandi nan Fwaye Sa. Ou Ka Fèt nan Yon Fanmiy Ki Pa Gen Gwo Mwayen, Yon Fanmiy Kote Majorite Moun Ladann Rayi'w, Yap Pèsekite'w, Yo Pa Konn Valè'w, Yon Fanmiy Kote Majorite Moun Echwe Ladann, Men Sa Pa Vle Di Ou Se Yon Echèk Pou Sa, Avèk Mwen Ou Se Yon Reyisit, Yon Fanm Rich, Yon Fanm a Siksè... Se Pou BONDIEU Toujou Beni'w, Se Pou Toujou Pwospere, Se Pou Toujou Tèt Se Pou Pa Janm Keu.... Je T'aime Très Fort Ma Tendre Dulcinée 🥰😘😍❤️

Fr Maziñho Chérubin
Enjoy Your Day Baby ❤️

Adresse

Delmas
HT-6120

Téléphone

+50946832317

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Maziñho Chérubin publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'université

Envoyer un message à Maziñho Chérubin:

Partager