21/05/2022
NELSON ROLHILAHLA MANDELA
Fèt yon 18 juillet nan lane 1918 nan Mveza ki se yon vilaj nan pwovins vil Cap Afrique du Sud.
Nelson Mandela sòti nan yon fanmi wayal paske aryè gran papa l Inkosi Enkhulu te wa pèp Tembu a, men li te yon fanmi neglije se rezon sa ki fè l pa pote non fanmi wayal la, aprè lanmò papa Nelson Mandela nan Tuberculose, se yon tonton l ki te vin responsab li paske l te genyen sèlman 9 an.
Nelson Mandela vin premye moun nan fanmi ki frekante yon lekòl e se nan lekòl "Mission méthodistes" sa yo ta pral ajoute "Nelson" nan non li.
A laj 19 an Mandela te al pouswiv etid li nan yon lòt lekòl Méthodiste d'Healdtown nan Fort Beaufort kote se fanmi wayal yo ki te ladan l sèlman.
Aprè diplòm li vin al nan inivèsite Fort Hare pou l etidye dwa e se sèl inivèsite ki te asèpte moun nwa ladan l, se la li ta pral rankontre zanmi l Oliver Tambo pou yo te vin antre Nationalisme Afrikaner a malgre yo t ap di l pa bon paske l pa Maxiste men li te vin manb komite santral pati a(SACP).
Nan yon kongrèki te òganize nan lane 1992, li fè konnen lyen ki genyen ant SACP ak ANC.
Nelson Mandela rive inyore SACP la nèt pou l regle relasyon entènasyonal, li te renmen Gandhi anpil pou doktrin "Non Violence" li a anpil, e li te pratike spò tankou: Boxe epi Course à pied.
Nan dezyèm ane dwa, yo chwazi Nelson Mandela pou responsab konsèy reprezantayif etidyan yo( CRE) malgre anpil pwoblèm ki te genyen nan eleksyon yo, Mandela ak lòt 5 manb te vin demisyone, aprè ki pral vin élu ankò pa kamarad li yo.
Aprè yon ti tan li deside demisyone yon lòt fwa ankò, e fwa sa se li menm sèl.
Yo te rive mete l deyò lekòl la, li kapab retounen si li desite rete nan konsèy la , yon bagay li pat deside.
Nelson Mandela twouve l plis avanse sou plan sosyal ke politik e pou li revòlte kont sistèm sosyal la, li rive nan kapital ekonomik lan Transvaal kote l ta pral jwenn jwenn yon travay kòm sekirite nan yon min, rapid yo ta pral anile kontra aprè yo te vin wè l se pitit adoptif régent ki te kouri kite zòn nan. Touswit li ta pral travay nan yon kabinè avoka gras ak relasyon zanmi l mentor walter sisulu, pa konrespondans li ta pral jwenn lisans li nan inivèsite Afrique du sud epi kòmanse etid dwa li nan inivèsite witwatersrand kote l ta pral rankontre anpil militan kont APARTHEID.
👉🏾An 1943, Nelson Mandela vin antre nan kongrè nasyonal afriken an e se menm ane sa li ta pral marye avèk Evelyn Ntoko Mase.
De 1913 a 1942, gen yon lwa ki di nwa pa gen dwa gen tè nan peyi a e fè konnen travayè nwa yo pa gen dwa fè grèv, sa ilegal.
👉🏾1948, eleksyon fèt e se moun APARTHEID yo ki pran pouvwa.
ANC a ki se yon lig jèn ap mete pyon yo pou konnen kijan yo pral kraze sistèm nan, yo retire Alfred Xuma nan tèt lig la paske yo twouve l twò modere.
👉🏾Na 1951, Nelson Mandela ak Oliver Tambo se 2 premye avoka nwa ki te genyen nan Johannesburg.
👉🏾An 1952, Nelson Mandela vin élu prezidan ANC Transvaal epi vis prezidan nasyonal kote yo t ap mennen yon kanpay dezobeyisans sivil kont tout lwa ki enjis yo ki ta pral mennen yon gwo manifestasyon nan dat 6 avril 1952 ki se dat 300èm anivèsè vil cap, nan 10 000 moun ki t ap manifeste, yo arete 8500 pami yo Nelson Mandela.
Malgre sa manifestasyon yo te kontinye e gouvènman ta pral mete yon lwa pou entèdi libète endividyèl epi eta ijans.
Nelson Mandela kondane pou pase 9 mwa nan prizon.
Kanpya rezistans lan ta pral kanpe an 1953 ki ta pral fè plis moun fè ANC konfyans e yo vin pase de 7000 a 10 000 moun ki kanpe avèk yo.
James Moraka ki t ap dirije ANC ap bat pou rekonsilye avèk gouvènman, yo mete l atè pou ranplase l Albert Lutuli.
👉🏾1955 kabinè Mandela ak Tambo deside mete yo disponib pou defann tout nwa ki pa genyen mwayen yo.
👉🏾 desanb 1956, yo arete Nelson Mandela avèk 156 lòt moun e yo akize yo de trayizon, yon pwosè ki te dire de 1957 a 1961.
Strateji "Non Violente" lan ta pral abandone pa Nelson Mandela pou te fonde an 1961 (MK) ki se yon branch militè k ap pwone yon aksyon ame, nan mwa mai li lanse yon grèv jeneral kote ke tout moun yo te rete lakay yo.
Nelson Mandela anonse yon lit kote yo pral atake epi piye tout zòn senbolik yo e prepare yon Guérilla si Sabotage la pa mete fin ak sistèm nan.
👉🏾An 1962 Nelson Mandela kite Afrique du sud pou premye fwa avèk èd prezidan Tanzanien an, nan lide pou l mennen yon kanpay nan tout kontinan pou ede l nan batay ak zam ke l pral mennen an, li pran fòmasyon militè e patisipe nan parad militè nan peyi Algérie.
Yo vin kalifye Nelson Mandela ak tout manb ANC kòm teworis sa ki vin fè l paka antre nan peyi etazini ak wayòm ini jiska juillet 2008.
👉🏾5 Août 1962 Nelson Mandela arete gras ak enfòmasyon CIA epi kondane nan fort Johannesburg, aprè 3 jou yo akize l kòm moun ki te òganize yon grèv an 1961 epi pati kite peyi a de fason ilegal epi yo kandane a 5an prizon. Aprè yo arete plizyè dirijan ANC, Ministè piblik akize yo de sabotaj, trayizon, lyen ak pati kominis e konplo pou etranje anvayi peyi a sa ke Mandela demanti.
Pwosè a kòmanse 9 oktòb 1963 e yo vini ak papye kote Nelson mandela t ap fè kòmand zam epi lyen ki genyen ant ANC ak pati kominis epi plan pou jete gouvènman.
Pou defans, Nelson Mandela di rezon ki fè yo pase de pasifik ak vyolans e fè konnen se aprè masak gouvènman te fin fè sou yo a. Akize yo sòti koupab e yo kondane yo pou pase 27an nan prizon kote yo epanye "Peine de mort" a paske jij la pa jwenn prèv ministè piblik te di yo ap fè etranje anvayi peyi a.
Konsèy sekirite kondane APARTHEID ak tout lòt peyi pou pa vann Afrique du sud zam epi kondane pwosè a.
👉🏾An 1964, Nelson Mandela kondane nan prizon zile Robben Island pou l pase 18 an nan 27an ke l gen pou li pase nan prizon an ap travay nan pousyè e menm te opere koz pousyè te fè li malad.
Nelson Mandela te nan klas prizonye ki pa ba yo, ou gen yon vizit oubyen yon lèt chak 6 mwa..Mandela te yon rebèl andan prizon an, li pat asèpte anyen mal e te menm pat vle rele chèf prizon an patwon jan li fè anpil lòt moun rele l.
👉🏾An 1976, li resevwa pou premye fwa vizit yon manb nan gouvènman sid afriken an, y ap libere l a kondisyon l ap vin travay epi fè lapè ak yo, sa ke Mandela te refize.
Pndan l nan prizon an li etidye pa korespondans nan inivèsite Londre e resevwa yon diplòm de "Bachelier avocat"
👉🏾An février 1985,prezidan pieter willem Botha ofri Mandela libète ak kokondisyon pou li kanpe batay ak zam nan, Mandela pa dakò e li fè konnen yon moun ki nan prizon paka siyen kontra,ni negosye anyen.
👉🏾1985, se premye rankont Mandela ak tout gouvènman nan yon lopital ke li t ap opere pwostat men pa janm gen anyen ki chanje.
👉🏾An 1986 kote Nelson mandela ta pral pase dènye prizon li, se yon villa ak tout pisin e yo ba li aksè pou resevwa nenpòt vizit li vle a e nan menm ane sa li resevwa pri Ludovic Trarieux pou angajman li nan kesyon dwa moun e se pitit li ki te resevwa pri a pou li.
👉🏾11 juin 1988, gen yon gwo konsè ki fèt pou rann omaj ak 70 an Nelson Mandela nan peyi Angleterre ki t ap gade pa 600 miyon moun nan 77 peyi ap pale de jan Nelson Mandela nan prizon an epi kijan APARTHEID yo ap maltrete moun.
Botha rive mouri pa yon kriz e yo ranplase nan tèt gouvènman pa Frederick de Klerk.
👉🏾15 oktòb 1989, De klerk libre 15 dirijan ANC ki te kondane a 25 an prizon.
An Novanb, Nelson Mandela di De klerk se pi serye e pi onèt lidè blan yo.
👉🏾2 Fevrier 1990, De klerk anonse nan palman liberasyon Nelson mandela finalman ki ta pral libere 11 fevrier san kondisyon aprè 27 ans, 6 mwa e 6 jou nan prizon, yon evènman ki t ap retransmèt nan tout mond lan...premye deklarasyon an di li prè pou l fè lapè, rekonsilyasyon ak ti gwoup moun blanch yo e lit ame a pap kanpe, objektif prensipal li se bay majorite nwa yo dwa pou vote e li se yon sèvitè men pa yon pwofèt.
Nelson Mandela antre nan negosiyasyon pou yon nouvo konstitisyon de 1990 a 1994.
👉🏾6 août mandela konfime akò dm
Deklerk ak ANC e tout di lit ame a kanpe la.
👉🏾 1991 Nelson Mandela di De klerk se yon dirijan ki pa gen lejitimite, diskredite e minoritè e Nelson mandela pwopoze pou dwa vòt la 14 an men ki ta pral blame pa kolaboratè li yo e li te rekonèt ke l fè yon gwo erè.
👉🏾1991 Nelson mandela vin prezidan ANC epi Oliver Tambo ki t ap dirije ANC an egzil vin sekretè nasyonal.
Nelson Mandela resevwa pri Nobel lapè nan lane 1993 e pandan seremoni an ki te rann omaj ak De klerk.
👉🏾An avril 1994 Nelson Mandela élu prezidan république Afrique du Sud avèk 62,6% vwa ANC aprè prestasyon sèman li pran Frédérick De klerk kòm yonn nan vis prezidan yo.
Touswit li kite ANC nan lide pou l mennen peyi a san fòs kote epi fè yon pasasyon pouvwa nòmal paske l ta pral kite pouvwa ak laj 81 an.
Ant 1994 pou rive 2000 anviwon14 milyon moun benifye dlo pòtab.
Sistèm elektrik yo pade de 12 a 42% nan pwovens yo.
An 1999, 39mil fanmi benifisye refòm agrè.
Selon gouvèman , nan 4an 250mil moun jwenn tè.
500 nouvo klinik bay swen ak 500 milyon moun.
Konstriksyon wout, egou bay travay ak 40 milyon moun pandan 5an. E yo te kritike gouvènman pou di 30% kay yo fè yo p respektè prensip yo.
👉🏾An 2001 Nelson Mandela t ap pran swen paske l te fè kansè pwostat.
👉🏾An juin 2004, li anonse l soti nan vi piblik la pou koz sante a laj 85 an.
👉🏾18 juillet 2008, selebrasyon 90èm anivèsè Nelson Mandela te selebre nan tout peyi.
👉🏾An juin 2013, li soufri enfeksyon nan poumou yon lòt fwa ankò epi yo te plase l nan asistan respiratwa ant lavi ak lanmò.
👉🏾prezidan afrique du sud la Jacob Zuma anonse lanmò Nelson mandela nan dat 5 desanb 2013 a 22h45.
53 peyi anonse dèy nasyonal.
Seremoni ofisyèl Nelson mandela òganize 10 desanb 2013 kote anpil chèf leta te prezan pami yo Michel Obama epi antèman ta pral fèt 15 desanb 2013.
Mèsi pou pasyans ou te pran pou w li ti kout rezime sa...
PATAJE L
PATAJE L
PATAJE L
ABÒNE AK PAJ LA
👇🏾👇🏾👇🏾
www.facebook.com/geraldjonygilles99