24/11/2022
Tout tèks la paka ale mwn voye'l 2 fwa
ENPÒTANS MANMAN
Jodi a nap wè ansanm Enpòtans Manman
Yon Manman responsab pa fasil, ni yon Manman pa yon jwèt
Mwen konn wè (Jèn Fi ou Jèn Gason )
Kap minimize Manman yo sa di anpil pou Manman ki fè'w la wap meprize'l ou pa bal enpòtans pa fwa yo tan'n lè se « Fête des Mères »
Yo bay Manman yo LOVE sou rezo a men an reyalite pa gon lanmou vre pou Manman an se sanblan kap fèt sou reyo a sa rele ( Ipokrit )
Wap afiche yon bagay ki pasa li pa nan wou sispann fè sanblan
Fèt Manman Pa Pou Kretyen
Enpòtans Yon Manman
Manman an pote'w 9mwa nan vant pandan 9mwa sa ou te ka kapab mouri ou byen li te ka jete'w
Non ! Li pa chwazi jete'w ni abandone'w. Manman’w kenbe’w, yo meprize Manman’w pou tèt ou, li chwazi desepsyon yo pou ou
Manman’w mete'w lekòl pou'w fòme, men’m ke li paka peye lekòl la akòz de mwayen'l. Manman’w pran fòs li konbat wout lavi a pou'w te reyisi. Pi devan ou pa wè kiyès pou'w ta meprize, abandone, maltrete
Se Manman’w Fan’m kite pote'w 9mwa nan vant lan.
Deske Manman’w pa konn li, ni ekri. Ou gentan wè li paka Manman’w, pa bliye se Manman’w ki fè’w moun jodi a se lik fè’w gen valè nan sosyete a men ou abandone'l ou jete’l dèske Manman’w pa konn li
Pou yon Fan’m pou Zanmi, Kay, Machine, eks…
Pa minimize Manman nou, se premye Fan’m nou genyen sou latè men’m ke Manman'w fè anpil fòt, pa kritike'l pran yo kò’m yon leson pa lage chay sou Manman’w ( Mwen konn tande moun ap di se Manman yo kite yo nan plas sa ) Pa jan’m lage chay sou Manman’w, Papa'w ni sou okenn moun pou di se yo ki fè’w la…
Premye moun ki ta vle’w reyisi nan vi'w se Manman’w, se premye moun ki ta vle wè bonè'w..
Tout moun kap li tèks sa Manman yo vivan toujou bay MANMAN’W ENPÒTANS pa tan’n se lè'l mouri pou’w regrèt ti tan li rete a fè’l santi li yon vrèman pa tan’n se lè FÈT li pou’w ba’l kado toujou fè’l ti sipriz.