25/08/2026
KOMINIKE
Nan kad patisipasyon Phanaïka Polynice, kandida #004, nan Challenge Miss Populaire la, nou pote enfòmasyon sa a bay piblik la, patnè, fanmi, zanmi ak tout moun k ap akonpaye kandida a nan konpetisyon an.
Premye faz vòt la ap fèt sou entènèt, atravè Facebook ak TikTok, soti 25 pou rive 30 dawout 2026. Sistèm evalyasyon an baze sou kantite aksyon ki fèt sou kontni kandida a, selon barèm sa a: yon vizyon vo 5 pwen, yon pataj 3 pwen, yon like 6 pwen, yon kòmantè 6 pwen epi yon abònman 10 pwen.
Premye faz sa a reprezante 30% nan rezilta final Challenge Miss Populaire la. Dezyèm faz la, ki pral fèt atravè koupon, reprezante 70% rezilta final la. Koupon yo ap disponib nan yon dezyèm etap, epi chak koupon ap koute 150 goud.
Nan sans sa a, nou envite tout moun ki vle soutni Phanaïka Polynice, kandida #004, pou patisipe aktivman nan faz vòt sou entènèt la, pataje enfòmasyon sou konpetisyon an epi ankouraje lòt moun patisipe. Sipò chak moun kapab kontribye nan amelyore pozisyon kandida a nan klasman an.
Pou tout enfòmasyon ki gen rapò ak acha koupon yo, modalités peman ak verifikasyon tranzaksyon yo, tanpri refere nou ak kominike detaye ki konsène dezyèm faz vòt la.
Nou konte sou patisipasyon ak kolaborasyon tout moun pou akonpaye kandida #004 la pandan tout peryòd konpetisyon an.