21/11/2021
Nou pap sispann felisite tout moun kap fè yon bagay serye nan peyi a si genyen,konsa tou nou pap sispann pale tout tan pèp la paka jwenn rezilta vòt yo a ki pa lòt ke
Wout,kouran,dlo pòtab...
Poun site sila yo sèlman, e profite lanse yon mesaj ak tout moun
Pou nou pa vote moun ki pa gen pyès program ankò tankou sa yo map swiv la ki kontante yo sèlman nan ame bandi pou mete nou plis nan problèm ke sa nou ye la.
Pèp la fin vote kote se chèf ak bandi ki jwi pouvwa...
Pèp la toujou paka manje yon aleken pa jou men chak chèf gen group bandi pa yo kote yo siyen kontra pou peye yo chak mwa jounen jodi a menm bandi sa yo rann peyi a envivab sa tris...
Yo tèlman konnen yo pa fè anyen pou pèp vre kon gen eleksyon se prepare yo pou goumen pou pèp la pa jwenn chans pou vote
Yo vòlè eleksyon paske se ame bandi ki pwen fò yo.
Ann fè koukou rouj dèyè vakabon sa yo poun vote moun ki sanble nou
Ansanm ansanm nou ka di yon lòt Ayiti prosib...katon rouj pou tout vakabon.
(Joseph Remy dit Journaliste Pèp la)