18/09/2021
Chè Sè
Charite ou a koute chè.
Lè mwen ta pral fè 3yèm segondè, yon maladi fè manmanm paka prezan pou pitit li.
Mwen te lekòl kay mè boudon.
Rantre lekòl rive, mwen pa ka al lekòl paske pa gen lajan. Poum pa pèdi ane a, yon kouzen mwen ki rele Kenel ekri yon lèt pou mal mande Mè a akspete mwen an atandan mwen jwenn yon jan pou mwen peye...
Msonje sa tankou se te yè. Mwen rive nan direksyon yon lekòl kote mwen pase 9 lane ap aprann, 6 lane ap nan pami premye klass la, poutan premye kestyon yo mandem, tankou yon etranje, se èske mwen gen kòb poum pase nan ekonoma...
Yo pa menm banm chans pou mwen bay lèt kouzen mwen an. Yo dim mwen pap ka rantre nan klass si mwen pa ka peye.
Malgre kèk pwofesè pale ak mè a pou di li, li pa ka fè sa, se yon ansyèn mwen ye. Li pa tande li pa wè.
Kòb zero. Edikasyon zero.
Mwen soti nan lakou a, yo te fenk bay rekreyasyon. Tout ti zanmi ap mandem kote mwen prale, poukisa valiz mwen nan do mwen, poukisa map soti. Geraldine Mondesire, msonje vizaj ou kap mandem si map tounen demen... Msoti nan lekòl sa tèt bese... e mwen pa janm jwenn mwayen pou mwen tounen kòm elèv.
Kèk ane apre, mwen mete ti sè mwen kay mè Maryan. Chak fwa mal pran kanè avèk li, map gade kijan yap trete lòt paran ki poko peye... Kijan yap pale ak yo san respè...
Chè Sè, sanble mwen te mal konprann, lè ou te dim ou fè Ve Charite ak povrete...
Sanble povrete a se nan nanm ou, men nan pòch ou se yon lòt istwa.
Èske se paske nou pa respekte tèt nou ? Èske se paske malgre tout jan ou pouse do nou, ou wè nou la, nou swe kou pitit bouki pou nou mete pitit nou lakay ou kifè ou bliye kisa misyon yon Mè ye ? Èske se ak sa charite oblije sanble nan peyi kote leta pa egziste ?
Frè Charles, ou menm ki bay anpil jèn yon espas ak MEJ pou yo egziste, Sè Marie rose, ou menm ki te tèlman bon avèk nou lè mwen te nan primè, konpasyon ou te san parèy. Pou nou ak tout lòt sila yo ki bay vi yo pou peyi sa,
Na padonem si mwen oblije ekri istwa sa pou timoun, ak tout jèn kap gade kanè pèman yo chak fen mwa ak kè sote pandan yap priye pou mwa a gentan peye anvan yo vinn fè apèl nan klass yo, anvan yo pouse do yo met deyò.
Aksè a edikasyon en Ayiti se yon sigarèt ki limen de bò. Sou yon bò ou gen tout lekòl piblik ki pa gen pwofèsè epi sou lòt bò a ou gen lekòl prive yo ki pa pou tout bous.
Edikasyon pa yon privilèj se yon DWA. Yon DWA dirijan nou yo krache sou li. Yon dwa nou dwe goumen pou nou fè yo respekte.