Eco-Côtier-Mangrove Haïti

Eco-Côtier-Mangrove Haïti La Préservation de l'écosystème côtier (Mangrove)doit être notre priorité, pour un environneme

Eco-Côtier-Mangrove HaïtiLòt Ayiti nou reve an posib.Valorize Ekosistèm maren an,pran swen litoral yo,netwaye yo pask yo...
02/06/2022

Eco-Côtier-Mangrove Haïti

Lòt Ayiti nou reve an posib.

Valorize Ekosistèm maren an,pran swen litoral yo,netwaye yo pask yogen yon enpòtans krisyal sou plan touristik ,sosyal ,ekonomik, anviwonmantal e alimntè. Lè endis sayo respekte , biyodivèsite alyetik yo ak terès yo ap ogmante pou kreye ekilib eko sistemik lan.

Jodyan se 1er jen , dat ki make fèt lanmè komin Bonbon, depatman Grandans, vil Jeremi.

Eco-Côtier-Mangrove Haïti.Zòn kotyèr yo an Ayiti, se yon richès ilimite,yon lye detant enkonparab, yon peyizaj ekstrawòd...
31/05/2022

Eco-Côtier-Mangrove Haïti.

Zòn kotyèr yo an Ayiti, se yon richès ilimite,yon lye detant enkonparab, yon peyizaj ekstrawòdinè, ki dwe valorize, pwoteje ,netwaye pou atire touris ak kreye bon jan kondisyon ak anviwonman pou bèt yo epanouyi yo .

Yon minit sifi pouw debarasew de tout sousi, lèw chita bò yon lanmè konsa wap kontanple lanati.

Espas saaa, se lan depatman GRANDANS, AYITI
Vil : Jeremi
Komin : Abriko
1er Seksyon : Anz di klè.

Vin vizite e dekouvri bèl Richès lakay nou genyen.

Eco-Côtier Mangrove Haïti.Nou bezwen yon ti esplikasyon, di nou kisaw panse de Imaj sa, nan yon kòmantè.
31/03/2022

Eco-Côtier Mangrove Haïti.

Nou bezwen yon ti esplikasyon, di nou kisaw panse de Imaj sa, nan yon kòmantè.

22/03/2022
17/03/2022
Eco-Côtier Mangrove HaïtiYoun lan karakteristik enpòtan ke resous alyetik yo genyen se karaktè oto renouvlab. Sa vle di ...
13/03/2022

Eco-Côtier Mangrove Haïti

Youn lan karakteristik enpòtan ke resous alyetik yo genyen se karaktè oto renouvlab. Sa vle di tout resous alyetik ou tout lòt resous biyolojik oto renouvlab ki byen jere ap genyen yon dire ki nètman ilimite, kontrèman ak resous mineral yo.

Bò lakay mwen yo relel pwason woz kise non vilgè ou non konvansyonèl li, ebò lakay ou kijan yo relel e ak kisaw tap renmn manjel?

Ti koze nou dwe konnen sou Mangròv..Bonjou ,bonswa tout moun ,sa depan de lè wap li ti tèks saaa.Jodyan nou vin pataje a...
25/02/2022

Ti koze nou dwe konnen sou Mangròv..

Bonjou ,bonswa tout moun ,sa depan de lè wap li ti tèks saaa.

Jodyan nou vin pataje avèk ou, yon ti tekto ki trè enpòtan pouu mnm kivle genyon ide anplis sou mangròv kise : *koz kifè yo koupe mangliye ou paletivye yo konsa*

Lan sa ki konsène resous alyetik e kotyè yo, jeneralman koz kifè yo koupe paletivye ou mangliye yo konsa anpil e yo gen gwo efè negatif ak gwo repèkisyon sou anviwonman an lè nou konnen koupe yo ap pwovoke ( ewozyon marin ,inondasyon e disparisyon de yon seri espès alyetik ak kotyè ki pral kreye yon dezekilib sou nich ekolojik lan) kidonk, yo gen yon gwo enpòtans sou fonksyon otosibzistan alimantè ak ekonomi moun kap viv nan milye kotye yo. Pou reponn ak grangou ( bezwen alimantè) ak ekonomik . Rivrain yo oblije mennen aktivite irasyonèl nan mangròv yo , lan ka saaa koz ki pi frekan yo , lye ak evolisyon pwoblèm sosyo, kiltirèl,ekonomik ak anviwonmantal.
1e ) yo koupe yo pou yo kapab fè chabon pou vann ,ou achte manje bay fanmi yo oubyen pou peye lekòl timoun yo.
2e) yo koupe yo pou yo ka itilize kòm di fe pouyo kwit manje.
3e) yo koupe yo pouyo vann ak boulanjri e nan dry klining ( sous enèji)
4e) yo koupe yo pouyo ka fè poto ,travès e pout lan konstri kay tradisyonèl e pou klise kay tou.

Parapò ak tt koz kifè yo koupe paletivye, yo vin responsab degradasyon ak deteryorasyon mangròv..

Nou dwe fòme e enfòme moun kap viv nan milye kotye yo ,pouyo konnen kijan ekòman yo dwe eksplwate mangròv e konnen enpòtans yo sou vi yo, ak anviwonman...pwoblèm lan dwe rezoud lan sous li ,a la baz.

Pataje ,abòne ak paj lan siw bezwen konnen plis bagay toujou sou mangròv.

17/02/2022

Les mangroves n’échappent pas aux effets néfastes du dérèglement climatique. Ces écosystèmes naturels dépendent de conditions extrêmement sélectives pour leur survie : salinité, durée d’inondation, taux de sédimentation – autant de paramètres qui sont sensibles au changement climatique. Or les mangroves ont une importance capitale, tant sur le plan écologique qu’économique, et représentent, avec la forêt tropicale humide, un des écosystèmes les plus productifs sur terre. Ainsi, les eaux littorales bordant les mangroves sont généralement riches en crabes, crevettes et poissons, qui viennent s'y reproduire.

La disparition globale des mangroves est estimée à environ 2% par an, avec des pertes comprises entre 35 et 86% selon les lieux. C’est extrêmement préoccupant, d’autant que cette progression peut s’accélérer selon l’évolution du niveau des mers, un autre effet du changement climatique.

Ti koze ou dwe konnen sou Mangròv.Eskew te konnen ,lan kesyon eksplwatasyon resous alyetik genyen pèch marin e chas mari...
30/01/2022

Ti koze ou dwe konnen sou Mangròv.

Eskew te konnen ,lan kesyon eksplwatasyon resous alyetik genyen pèch marin e chas marin?

Jeneralman resous alyetik yo, nou kapab konsidere yo kòm biyosenoz ki fòme ekosistèm maren an ki kapab ( tout bèt oujwenn ladanl yo epi tt plant yo)kidonk , pèch marin se aktivite pechè yo antreprann pou kenbe ( kaptire ) klk lan bèt akwatik yo tankou : pwason,kristase,molisk, sefalopod yo ak lòt ke nou pa site nan milye natirèl yo ( oseyan, lanmè,kou do, etan,lak,mare) poutan lan ka setase yo, yo pale pito de chas tankou : balèn, kachalo,dofen,òk.elatriye

An Ayiti yo pale de pèch ou chas san kontròl ou irasyonèl lèsa leta pagen kontwòl sou anyen kap fèt, pechè yo ,peche ,lenpòt lè, peryòd e lenpòt moman tou ak lenpòt materyèl,san teknik e aksè men tou, yo pa teni kont de ki enpak negatif sa ap genyen sou biyodivèsite marin,sou pechè yo e sou anviwonman fizik la.sesak fè ouwè tou ,biyodivèsite marin lan pòv konsa, li degrade e pechè yo arive kenbe ti pwason ak lòt espès nou rele jivenil yo, lèsa pagen larelèv olye pou biyodivèsite an ta ogmante se redwil redwi pask pechè yo detwi sak te pral ranplase sak rive a matirite pou kenbe yo.

Men lan gran peyi pèch ak chas marin chita sou yon baz byen defini kote Leta okouran ebay pechè yo bon jan fòmasyon ,aksè anfonksyon de lè,peryod,moman e materyèl pou yo peche an fonksyon de tip ou kategori resous alyetik yap kenbe sanke yo pa andomaje jivenil yo.Lè saaa , biyodivèsite an ap pi enteresan , lap ogmante,lap prezève,lap konsève konsa pap janm manke resous non sèlman pou vann pou ogmante ekonomi yo men tou pou pechè yo ak fanmi yo manje.

Kisa kifè biyodivèsite alyetik nou an li diminye an Ayiti kisa kifè tou pechè yo paka jwenn ase pwason ak lòt resous pouvann pouyo antre kòb e pou manje ak fanmi yo? pote sak koz lan nan yon kòmantè np gen poun f le pwen sousa. Kisa nou dwe fè ,fas ak pwoblm sila?

Eco-Côtier-Mangrove Haïti, ap swete tout manb yo ,yon bòn e erez ane 2022..Konsèy mwen pou ane an: Si nou mete deviz nou...
02/01/2022

Eco-Côtier-Mangrove Haïti, ap swete tout manb yo ,yon bòn e erez ane 2022..

Konsèy mwen pou ane an: Si nou mete deviz nou an prantik, nou ap fini pa twouve yon solisyon ak tt pwoblèm peyi Ayiti ap konfwonte..

1er vu an, se leta ak pèp la..
2e lan se pèp lan ak leta ..
Kidonk tout kote kigen inyon, gen devlòpman,chanjman,lanmou, pwogresyon ,amelyorasyon,lòd ,prensip.kidonk si nou kiltivel lakay nou gen posibilite poun rale yon souf ak tt pwoblm nap konfwote..Siw ta vle sa tou patajel, pou plis moun k wèl.. Bon konba tt moun...

Ti koze ou dwe konnen sou MANGRÒV.Enpòtans anviwonmantal Paletivye.Prezans paletivye  (MANGRÒV) a travè bas mare yo geny...
22/12/2021

Ti koze ou dwe konnen sou MANGRÒV.

Enpòtans anviwonmantal Paletivye.

Prezans paletivye (MANGRÒV) a travè bas mare yo genyon enpòtans fondamantal sou anviwonman an ,pou rezon saa nou pral prezantew kèlke nan yo:

1e) yo kontribiye nan estabilite tanperati an( prezans yo kreye yon mikro klima nan zòn kote yap evolye an.

2e)li regilarize s*k kabòn lan,paske yo se yon espès ki gen yon fòt kapasite pou kapte an kantite gaz a efè de sè yo ki twouvel nan atmosfè an,sitou CO2( pou rezon sa yo konsidere yo kòm pwi kabòn).

2e) yo kontribiye nan amelyorasyon kalite dlo,savle nan rediksyon kantite sèl kitadwe genyen nan sous dlo kipre kot yo.

4e) yo kontribiye nan pwoteksyon ak konsèvasyon kwen litoral (erozyon kotye) e maren, riveren yo (savledi moun kap viv pre litoral yo ou a distans ) kont katastwòf natirèl (s*klòn, sounami,ewozyon marin,kotye) eyo jwe yon wòl baryè natirèl pou jaden yo lè gwo van.

Ebyen ou menm kap li ti tèks sa ,patajel pouw ka aprann plis moun konnen kijan paletivye yo enpòtan pou anviwonman ak riveren yo e pou yo konnen tou yo padwe koupe yo de fason anachik, pi douvan nou pral vin fè ti pale ak ou pou ki rezon ou dwe pwoteje yo.

Mwen prezante sa, siw genyen oukonnen ouka ajoutel nan yon kòmantè, patajel e pa bliye abòne ak paj la.

Se te zanmi nou Agronome Richardson Bien-Aimé.

Adresse

Rue N Pierre
Jeremie
MAYA2020

Téléphone

+50948362684

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Eco-Côtier-Mangrove Haïti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'université

Envoyer un message à Eco-Côtier-Mangrove Haïti:

Partager