31/12/2024
Bon Tan vs Move Tan: Yon kout Listwa Idwometeyowoloji
Idwometeyowoloji ki marye Idwoloji ak Meteyowoloji, se yon disiplin nan domèn Jewoloji ki eksplike s*k dlo a ant kouch wòch yo ak atmosfè a, san bliye reyaksyon ki genyen antre yo. Li analize tou koze jesyon dlo sou Latè, pwoblèm anviwònman aktyèl yo, chanjman klimatik ak miltiplikasyon fenomèn meteyowolojik yo. Kèk peryòd ki karakterize pakou li:
1- Pèsepsyon tan lontan: Lontan, tout fenomèn natirèl yo te toujou esplike atravè Mit, Lejand, ak Kwayans e fenomèn meteyowolojik yo pa’t chape anba règ sa a. Bon tan te reprezante bon lespri oswa benediksyon dye, pandan ke s*klòn, tanpèt, gwo kout loray, inondasyon ak lòt evènman similè te wè kòm siy dye ki fache. Women yo te kwè Jipitè t’ap aji, tandiske grèk yo te atribiye tout tanpèt ak kout zeklè yo a ‘’Zeus’’, pandan ke lòt te atribiye yo a kreyati imajinè tankou lasirèn ak s*klòp.
2- Idwometeyowoloji ak filozòf yo: De filozòf tankou Anaximandre, Aristote, ak Platon, pou’n site sa yo sèlman, nan lide pou chase linyorans, te kòmanse reflechi ak pwodui de dokiman sou fenomèn meteyowolojik yo. Yo te chèche rann yo plis rasyonèl ak natirèl e te pral pote premye baz pou Idwometeyowoloji a. Sepandan, yo te toujou pa’t rive detache yo pou otan de koze fòs sinatirèl yo.
3- Idwometeyowoloji nan tan modèn: Nan tout Laj Mwayen an, relijye yo kontinye dokimante fenomèn meteyowolojik yo san konprann mekanis yo, jiskaske Pierre Perrault (1611-1680), nan 17èm syèk te fonde Idwometeyowoloji syantifik la. Li te premye moun ki te mezire wotè lapli ak volim dlo ki koule, epi li te bay yon eksplikasyon rasyonèl sou ‘’Cycle de l’eau’’. Lòt kontribisyon nan menm epòk la te soti nan travay L’Abbé Edmée Mariotte (Papa teyori Mekanik Fluid yo) ak Edmund Halley (Papa teyori Sikilasyon Atmnosferik Jeneral la) ki te ranfòse baz disiplin nan.
4- Idwometeyowoloji jodi a: Avanse nan Idwoloji ak Meteyowoloji depi 18èm ak 19èm syèk, epi fabrikasyon enstriman tankou bawomèt ak anemomèt, pèmèt Idwometeyowoloji a fè mezi pi presi, sa ki mennen nan konstriksyon premye kat meteyowolojik yo. Teknoloji avanse nan 20èm syèk la, espesyalman rada ak satelit, pèmèt plis konpreyansyon sou fenomèn yo ak amelyore pi plis nivo prediksyon yo. Kounye a, Idwometeyowoloji kolabore ak lòt domèn syantifik e itilize modèl enfòmatik sofistike pou predi pi byen kondisyon meteyowolojik yo ak enpak fenomèn yo sou resous dlo yo, pandan li ap fè rechèch tou sou adaptasyon ak chanjman klimatik ak jesyon dirab resous dlo yo.
An Ayiti, nou dwe konprann ke IDWOMETEYOWOLOJI se yon syans aktif nan jesyon RISK KATASTWÒF tankou inondasyon, sechrès ak tanpèt osinon s*klòn yo. Modèl klimatik avanse yo pèmèt syantifik yo kapab predi evolisyon fenomèn yo epi avèti popilasyon ki nan zòn a risk yo, yon fason pou diminye sou dega imen ak materiel yo. Nou dwe suiv ekspè previzyonis/meteyowolòjis lokal yo, paske se yo ki gen kalite pou gide nou atravè bilten enfòmasyon yo pibliye chak jou yo pou pèmèt nou konnen lè fenomèn yo ap rive. Konsa nou ka fè de pi bon planifikasyon fas ak yo, men planifye jounen tou.
Jewolojis: Johnny Mompoint
Nan direksyon yon kilti konesans Jewolojik yo an Ayiti.
Imaj: EA (Entèlijans Atifisyèl)
Lyen:
1- https://fr.wikipedia.org/wiki/Hydrom%C3%A9t%C3%A9orologie?form=MG0AV3 : Hydrométérologie
2- https://spiegato.com/fr/quest-ce-que-lhydrometeorologie?form=MG0AV3 : Qu'est-ce que L'Hydrométéorologie?
3- https://books.openedition.org/pur/189505 : Pierre Perrault - Chapitre III. Histoire de l'hydrologie
4- https://fr.wikipedia.org/wiki/Pierre_Perrault_(1611-1680)
5- https://books.openedition.org/efa/1566 : Les grecs et les catastrophes naturelles - La recherche des causes physiques