KABAL POU TOUT MOUN

KABAL POU TOUT MOUN Paj sa fèt sèlman pou pataje kontni sou Kabal otantik la nan lang Kreyòl.

WhatsApp: https://chat.whatsapp.com/ElaYNpx25rM95SltRMxf2q
IG: https://www.instagram.com/kabayiti?igsh=dDh
# # # # 🎧🎙️📹🎵🎶🔝❤️1️⃣ Nou se yon òganizasyon ki pa gen pou objektif fè lajan, k ap travay pou fè pwomosyon Sajès kabal otantik la nan peyi Dayiti.

DEMON YOLè yo te poze Michael LAITMAN sou kouman nou ka chase demon yo li te reponn ak mo sa yo: "Se yon bagay ki byen s...
28/12/2025

DEMON YO

Lè yo te poze Michael LAITMAN sou kouman nou ka chase demon yo li te reponn ak mo sa yo: "Se yon bagay ki byen senp. Ann ta di jodia m te gen 10 dezi egoyis epi m korije 2 nan yo mwen rete 8. Kidonk, mwen chase 2 demon." Kounya, deklarasyon sila a ban nou yon p*s byen klè sou sa k demon an. Lespri demonyak la se Ego nou an k ap domine tout kò nou an. Demon yo se chak dezi egoyis k ap kontwole ògàn nou yo. Wòl yo, se kenbe nou esklav dezi pou pwòp tèt nou pou anpeche nou travay pou Kreyatè a.

Chak fwa yon kouch Ego ajoute sou nou, gen yon gwoup demon ki akonpaye l men sa pa retire anyen nan misyon yo. Nou souvan atribiye fòs sila yo ak yon seri fòs nan lanati k ap fè moun malfeza men se fo.

Nan peyi Dayiti, pratik chase demon an trè frekan sitou nan sektè relijye yo kote nou souvan tande moun yo posede. Menmsi sa ka mande yon rechèch pi pwofon men nou ka oze di menm a 99.99%, sa relijye ayisyen yo rele demon yo, se sa vodouyizan yo rele lwa yo.

Men, kisa k pase anfèt? Isit an Ayiti, gen yon gwo kanpay kont sektè vodou a ak relijyon yo nan tèt demach sila a. Malerezman, se pa yo ki prensipal benefisyè a men pito, se yon gwoup moun, nan sousi pou yo kase rit tradiksyon ansestral anndan peyi a, deside bat chalbare dèyè tout moun k ap sèvi lespri zansèt Lafrik yo.

Pi bon fason pou yo reyisi fè eksplwa sila a, se kòmanse djabolize kilti peyi a. Yo enstale nan tèt ayisyen an lwa se djab kidonk, lè l ap sèvi lwa, se pou djab l ap travay, li prale nan lanfè tou dwat. Yo detounen tout tèm Labib itilize yo nan sans pa yo, pou pi byen manipile pèp ayisyen an nan lide pou l abandonnen kilti lokal li.

Se pou rezon sa k fè, lè yon moun gen lwa danse nan tèt li, yo di se satan k moute l oswa se demon li genyen. Poutan, tout moun konnen, chak fanmi ayisyèn gen pwòp lwa l ki mache ak li, ki la pou sèvi l e li dwe ka sèvi an retou. Lè yon moun lwa yo chwazi pou sèvi l, refize kategorikman ak sa, lwa sa sèvi l pèsekisyon. Se pa mal livle fè l non, li sèlman vle fòse l asepte pran misyon an.

Boutofen, li lè pou ayisyen yo sispann panse lwa yo se demon oswa se Satan. Se yon erè grav ki pwouve w pa konn anyen de istwa w antanke ayisyen.

VERITAB LAPÈ ALi pa nan domèn Lòm pou l fè lapè. Sa dwe klè pou yon moun. De tout fason, koze lapè a an total kontradiks...
28/12/2025

VERITAB LAPÈ A

Li pa nan domèn Lòm pou l fè lapè. Sa dwe klè pou yon moun. De tout fason, koze lapè a an total kontradiksyon ak nati Lòm. Nan espirityalite a, fòs egoyis la rele liy gòch epi fòs altruis la rele liy dwat. Tandiske lapè li menm, se liy nan mitan an. Se fòs ekilib ant de lòt yo. Gen yon sèl fòs nan tout reyalite a ki gen pouvwa mete de (2) fòs yo ansanm epi fè lapè ant yo tout bon vre, se Fòs pi wo a: Kreyatè a.

Se pou sa, Lòm bezwen konnen se sèl lapriyè ki kapab pote lapè pou tout tan nan mond lan. Se sèl Kreyatè a li menm ki posede konpetans sa. Nan nivo pa l, Lòm ka sèlman prepare kondisyon pou sa atravè koneksyon ant kè ak kè. Gras ak jefò sa pou konekte youn ak lòt la, moun yo kapab leve yon priyè devan Bondye pou mande l tabli lapè nan mitan kontradiksyon yo.

Nan atik li ekri ki rele "Lapè nan mond lan", Baal HaSoulam nan montre nou kouman tout tantativ pou lòm pote lapè nan mond lan ap echwe epi l esplike poukisa. Layèn nan kè Lòm ap pran yon volim li pa t janm konnen anvan. Li menm pataje enkyetid li sou yon twazyèm gè mondyal paske sa ap fatal anpil pou jenerasyon sa lè n konnen kantite gwo zam Lòm envante pou fè lagè. Gen risk pou mwatye e menm gran majorite pèp sou latè a disparèt aprè gè sila a.

Kidonk, moman an rive pou Lòm konprann koze lapè a pa yon zouti politik. Se espwa yon mond miyò, san danje pou nou chak ak nou tout. Si n pa kòmanse pran sa oserye depi jodia, pa gen nou youn k ap soti vivan.
Sèl mwayen an se konekte nou youn ak lòt epi kreye plas pou Fòs pi wo a vin fè zèv li nan mitan nou. Lè sa a, n ap konnen veritab lapè a.


MEN KÈK TÈM BAZIK NAN KABAL LA K AP EDE N SÒTI NAN KONFIZYON1. Bondye/Kreyatè a/Fòs siperyè a/Limyè siperyè aNan Bib la ...
28/12/2025

MEN KÈK TÈM BAZIK NAN KABAL LA K AP EDE N SÒTI NAN KONFIZYON

1. Bondye/Kreyatè a/Fòs siperyè a/Limyè siperyè a

Nan Bib la (Tora a), Bondye resevwa plizyè non: Yahvé, Adonai, Elohim, Jehovah, elt. men chak non sa yo eksprime yon degre atent Fòs siperyè a. Pou Kabalis yo, okenn moun pa ka bay Bondye non paske w p ap janm ka kapte imansite Fòs sila a. Men jan pawòl la di l la: _se zak Ou yo k ap fè nou konnen W._

Kidonk, tout sa nou ka aprann sou Bondye se pa rapò ak sa nou konnen sou aksyon l fè sou nou yo. Konsa, chak non Bondye resevwa nan Labib la, reflete degre koneksyon moun k ap nome l la ak Fòs ki pi wo a.

Men an gwo, Kabalis yo renmen rele l "Boré" ki vle di "vini epi wè". Kreyatè a se yon sistèm nou dekouvri nan koneksyon ant nou. Se yon sistèm fòs ki antoure nou epi ki kontwole nou sou tout fòm posib ak entansyon pou fè nou byen.

28/12/2025

Panse ak sa!

ORA A Chak moun ap bati swa prizon pa l swa palè pa l.Chak panse konsyan, chak mo n repete, chak entèraksyon nou genyen ...
26/12/2025

ORA A

Chak moun ap bati swa prizon pa l swa palè pa l.

Chak panse konsyan, chak mo n repete, chak entèraksyon nou genyen ak mond lan kite yon mak sou *ora* ki antoure nou an. Ora sa a suiv nou kote n pase.

Tout lavi, tout benediksyon, tout sa k soti *Anwo* dwe pase atravè ora sa.
Menm pi gwo benediksyon an ka swa defòme pou vin tounen yon bri lèd, swa ogmante pou l vin tounen plis limyè ak bonte.

- *Yon ora ki bèl atire bote.*
- *Yon ora lanmou atire lanmou.*
- *Yon ora lavi ak lajwa atire limyè san limit.*

Se *ou menm sèl* ki mèt ora w.
Se *ou menm sèl* ki gen pouvwa ak pèmisyon pou chanje panse w — soti nan lèd pou rive nan bèl;
pale w — soti nan anmè pou vin dous;
ak aksyon w — soti nan lanmò pou vin lavi.

Se kon sa w kapab transfòme tout monn ou.

Mèt Tzvi Freeman ( Limyè Kabal la)

"Ou se reflè chak pawòl ou di. Kalite pawòl ou yo se refleksyon kalite nanm ou. Pawòl initil se bavaday san reflechi ki ...
31/10/2025

"Ou se reflè chak pawòl ou di. Kalite pawòl ou yo se refleksyon kalite nanm ou. Pawòl initil se bavaday san reflechi ki moutre yon lespri ki gaye.
Si w vle amelyore lespri w, amelyore fason w pale – e efò sa a dwe kouvri tout pawòl ou di.
Kit li ekri, siyen, pale oswa chante, chak pawòl gen pouvwa pou li geri oswa blese.

Baal Shem Tov te anseye chak moun fèt ak yon kantite pawòl limite pou l pale sou tè a. Lè li fin di tout pawòl sa yo, li mouri.
Imajine si sa se laverite pou ou. Chak pawòl ou pale ap mennen ou pi pre lanmò.
Donk, chak fwa w sou pral pale, poze tèt ou kesyon: èske pawòl sa a vo lapèn pou m mouri pou li?"

— Rabbin Rami Shapiro, *Contes hassidiques : annotés et expliqués*

31/10/2025

Ein Od Milvado

Chapo ba pou chak nouvo fanatik paj la! Nou vrèman kontan konekte avèk ou! Parajes Oriente, Jouth Jeanphilippe, ZoeBlack...
28/01/2025

Chapo ba pou chak nouvo fanatik paj la! Nou vrèman kontan konekte avèk ou! Parajes Oriente, Jouth Jeanphilippe, ZoeBlack Diferan

Chapo ba pou nouvo fanatik paj la! Se vrèman yon plezi pou nou konekte avèk ou! Djonald Léger, Paul John Tamsen, Fanmkig...
24/01/2025

Chapo ba pou nouvo fanatik paj la! Se vrèman yon plezi pou nou konekte avèk ou! Djonald Léger, Paul John Tamsen, Fanmkigenrèv Pakananvoksal Fanmkigenrèv Pakananvoksal

Chapo ba pou nouvo fanatik ki rejwenn paj sila a! Se yon gwo plezi pou nou konekte avèk ou! Azar Jeanfransaint, Fernando...
14/01/2025

Chapo ba pou nouvo fanatik ki rejwenn paj sila a! Se yon gwo plezi pou nou konekte avèk ou! Azar Jeanfransaint, Fernando Paul, Zidane Joseph, Nerline Jean-charles, Fabris David, Lisnet Leroy, Yves Dalien, Jhon Adams Vallières Julien, Christerlin Marcelin

Chapo ba pou tout nouvo fanatik k ap suiv paj la! Sa fè vrèman plezi pou nou konekte avèk nou! Anslot Eugene, Souverain ...
10/01/2025

Chapo ba pou tout nouvo fanatik k ap suiv paj la! Sa fè vrèman plezi pou nou konekte avèk nou! Anslot Eugene, Souverain BillyBzoetnd Jose Billy, Alexandra Ladouceur, Bladimy Blanc, Guerline Valbrun, Leilanie Johanna Leilanie, Desarmes Wilguens Alcius, Anie Mesil, Louisjosue Josue Louis, Edyson Chery, Rosena Micheau, Liberis Jeanrocheny, Henley Pierre, Douby M Fenelon

Chapo ba pou nouvo fanatik paj la ! Nou vrèman kontan konekte avèk ou! Ernst Aquin, Dominique Naya Contantin, Marcel Emm...
04/01/2025

Chapo ba pou nouvo fanatik paj la ! Nou vrèman kontan konekte avèk ou! Ernst Aquin, Dominique Naya Contantin, Marcel Emmanuel Lael Sainvilus, Elizé Laforce, Stéphanie William, Mesilien Joseph, Agr Haudeniel Milien, Chrismène Galan, Marie Edwige Jean Baptiste, Luc Jameson Paris, Lamercie Ed Forestal, Desrosiers David, Jephthé Aurisma, Ruthie Leger Théodore, Domnique Desir, Altona Pierre Ridjy, Roobens Délicieux, Francius Junior Louidor, Sölö Pösitivë Hãïti, Wøød Bryånt Yls, Jocelyn Mamont, Fleur Delice, Presnet Laurent, Jean Wesner, Mynsline Naïka Pierre, Nath Nath, Davetha Felix, Kimberley Germain, Chedeline Jean Louis, Mirza Rosembert, Pablo Mix, Iselanda Petido, Sashah Lucas Clervil, Vauvenargue Saint Cyr, Maurice Claumy, Lio Kercivil, Magalie Dort, Roody Jean

Adresse

6141
Pétionville
6141

Téléphone

+50931409195

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque KABAL POU TOUT MOUN publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'université

Envoyer un message à KABAL POU TOUT MOUN:

Partager