21/02/2026
📰 ONI lanse operasyon “Kat Ou La” pou distribye kat idantite ki te an reta
Biwo Office National d’Identification (ONI) anonse lansman yon operasyon espesyal ki rele “Kat Ou La”, avèk objektif pou distribye kat idantite nasyonal ki te deja pare men ki poko rive jwenn mèt yo.
Daprè enfòmasyon ki disponib, gen anpil sitwayen ki te fè demach pou kat idantite yo depi plizyè mwa, men yo pa t janm resevwa yo. Operasyon sa a vini pou fasilite rekiperasyon kat sa yo epi diminye reta nan distribisyon an.
📌 Kisa operasyon an prevwa?
Idantifye kat ki deja enprime e ki estoke nan sant yo
Mete plis dispozisyon pou sitwayen yo ka vin chèche kat yo
Ankouraje popilasyon an verifye si kat yo disponib
ONI ap mande tout moun ki te deja fè anrejistreman pou kat idantite yo pou yo pwoche nan biwo ki konsène yo avèk resi oswa lòt pyès ki nesesè pou verifyifikasyon.
🪪 Poukisa kat idantite a enpòtan?
Kat idantite nasyonal la se youn nan dokiman ki pi enpòtan pou yon sitwayen. Li pèmèt ou:
Fè tranzaksyon legal
Enskri nan egzamen ofisyèl
Vote nan eleksyon
Fè demach administratif
Operasyon “Kat Ou La” a kapab yon gwo soulajman pou plizyè milye moun atravè peyi a ki t ap tann dokiman sa a.
👉 Rete branche ak Sèvo509_Medya pou plis detay sou kijan ak ki kote distribisyon an ap fèt.
゚viralシfypシ゚viralシ