14/08/2022
tout moun ap di yo pare yo pa pè lanmou men eske nou konn sak kap pase anndan 2 moun ki damou??
se pa pou san rezon nou paka eksplike rezon ki fè n renmen yon moun ,Siw te renmen menm yon fwa nan viw, menvite nou li tèks ,nap sezi pat panse sa de lanmou,lanmou bèl menl konplike, nap wè sa
Jodya map manyen yon sijè anpil nan nou panse ki senp, nou gen lontan nap renmen eske nou imajine renmen yon moun senp? Pataje tèks sa pou plis moun jwenn konesans Daprè nou, sak eksplike yon moun ka fè plizyè ane ap file yon moun ,moun lap file an pa janm renmenl pil rankontre yon lòt apenn kèk semenn li renmenl?
Lew tape A sou klavye yon laptop lespriw kapte A ou wew tape A, laptop la li mm pa resevwa A li resevwa yon kòd "01"kel pral retranskri an A pou ou,osi senp se konsa moun renmen yon moun
Kòd yo se tout ti detay ki nan enkonsyanw ki enskri deja ke sèvow ap dekripte lew tonbe sou moun ou renmen an,tout moun gen yon pwopotip nan enkonsyan yo
Poukisa ou pa renmen tout moun? Poukisa ou prefere entèl sou entèl e poukisa wap eseye konvenk tèt pou renmen entèl ou pa kapab?
M sot pale de sistèm "nerveux central" kounya gen "endocrinologie "nan renmen lèw fenk renmen yon moun ki rann ou fou/fòl janw fou / fòl la, se yon òmonn(yon sibstans ki libere nan san ki pral aji a distans)ki rele "endorphine" kap frape, yo rele òmonn sa sa "hormone du plaisir"
Òmonn ki pral few kite entèl pou entèl se serotonine , sa se òmonn lojik ,se li ki few ap kesyone sou koup la
"Serotonine" sekrete aprè "endorphine "nan se rezon sa ki fèw konn wèw ap kesyone poukisa ou te renmen entèl konsa?
Nou pa konn wè moun revoke yon moun imedya ranplasel pa yon lòt imedya san pran poz? Dèfwa se pa foli pou rann kè lot la grenn ,poutan e tèt li lap touye, men anpil fwa gen eskplikasyon syantifik
Sak rive koup sa yo anpil fwa se 2 moun ki te renmen yon lòt sèt ,men serotonine ap fe fu**er,pi moun nan rantre nan yon pwofon refleksyon
Epi paralelman lespril jwenn yon moun ki kode avèl
Epi boom pyèj andòfin
Moun sa yo konn nan yon enpas yo renmen youn(nouvo an) epi yo avèk yon lòt(ansyen an ,lanmou an mwens) , anpil fwa endorphine nan genyen, pa bliye andofin nan pa nan lojik se plezi l vin bay e lòm anpil fwa toujou ala rechèch plezi, li lache lot la pou nouvo an, epil ka fini pa pran nan menm pyèj sa
M pral montre nou sak pase lè 2 moun pral kite kounya
Òmonn serye ki kenbe relasyon an rele "ocytocine", yo rele òmonn sa "òmonn atachman",se li ki fè yon bebe a yon manman atache konsa, kijan atachaman vin nan yon koup ? Yo anpil , ann pran 2 ekzanp:
-Abitid
- pwojè yo gen ansanm yo tj ap travay a 2
atachman konn fè 2 moun paka kite, li konn fè 2 moun kite pa janm ka ere ,li konn fè 2 ex tounen lè yo wè youn paka ranplase lòt
Depi 2 moun pral kite premye bagay ki ale se atachman
Gen sinyal detrès koup la lanse lè yo sou wout kite abitid yo ap disparèt ti kal pa ti kal
Ann pran ekszanp yon koup aprè chak konvèzasyon yo prale youn di lòt" je t'aime "sèvo yo pwograme a sa ,piw komanc remake yo komanc pa dil ankò
E se la "serotonine" pral fe fu**er, refleksyon pral tonbe
Wè moun ki renmenw tout bon an ap diw sinyal detrès yo lap diw li santi yon bagay ki pa mache nan koup la, poun rezoud sa, se la dyalòg enpòtan nan yon koup
2 koken ki vle kraze kite sa yap remake sa youn pap di lòt sa epi yo sòti eskiz ki pi nulllll nan relasyon "yo pa konpatib" mantiiiii sin pat konpatib nou pa tap ansanm vre...
Wè nonb dane moun ap banalize nan yon relasyon li trè enpòtan
Pa bliye lespriw kode a pwototip moun ou an,chak jou w nan lari wap fè nouvo fwotman,nouvo rankont ,ou panse ane a aprè ou paka pantan sou yon lòt ou renmen? Come on ,challenge lan se ret a mennaj ou an
Se kijanw pral fe jere sa, e kwèm ,li pa fasil
Konsa tou ou ka gen 10 zan a yon moun renmen an kanpe depi 3 zan , ret 7 an se aparans plis blòf pou pase kòm koup modèl koz lòm renmen glwa
Men guys si yon moun fè bon 5 a 10 zan renmen youn lòt ,si yo kite youn konn dechalbore mòso yon lòt li paka ranplasel..
M konn yon moun ki gen plis ke 5 an ki paka ranplase yon fanm tout moun msye eseye paka ranplase lot la
Erè nou fè ankò se ke nou pa konnen Lanmou pi lwen lontan ke sèks ,menm nan sèks ou konn rebite yon moun ki pousew eseye yon lòt , se sak fèw ap wè ti koup blofè ki panse fè bagay ki renmen anpil fwa pa rete
Gen moun kap fè sèks oubyen renmen 10 moun diferan menl paka kite vrè mennaj li.. bagay yo pa senp guys tout bagay kode nan lespriw
Renmen yon moun telman kode poukisa daprè nou, yon moun konn fè tout sakrifis pou yon lòt,lòt la di nan tèt li, li ta renmen gon mennaj menm jan a moun sa pil friendzone moun nan, li pa renmen avèl se senp?
Poukisa 2 sexfriend konn gen plizye ane ap fè sèks pandan youn pa renmen a lòt?menm si sa konn rive youn konn fini pa renmen lòt ,lòt la pap renmen avèl fasil koz lespril gentan dil moun sa pral fèl menm bagay sa a yon lòt
poukisa yon moun konn fòse renmen a yon moun malgrel wè moun nan fou damoul, Li fini pa kitel koz konsyans li touchel li wè se tan lap fè lòt la pedi?
pi boom menm moun pantan sou yon moun li damoul, pandan moun li damou an konn pa menm renmenl ,lap sakrifyel pandanl kite ti sak renmenl lan
Pk ou konn renmen yon moun malgrew plen lòt ki pi bèl pasel se li ou konsidere kom #1?
Youn nan Relasyon ki pi difisil sim pa di pi difisil moun tj ap banalize se long distans ,imajinew wap devlope a atachman a yon moun ki lwenw...ke defwa nou youn pa konn sa lòt ap regle , li ka renmen yon lòt moun ki pi pwoch li pasew epi lap degaje ocytocine pou moun sa pandan ou mm ou lwenl,nou pansel fasil?
Se sak fè se pa tout ti relasyon krebete ki ka sipòte long distans...genyen depi nan enpòt la tout bagay fini
Siw wè yon koup rive reziste a long distans konnen yo gen anpil chans pou yo fè vi yo
Chak nouvo koup son nouvo challenge se 2 moun ki fome yon koup ,ou ka gen tout volonte mond lan pouw ret a yon moun ,si li menm pa gen volonte nou ka echwe e sa k fè anpil moun kal parye sou relasyon,konn wont
Wap bay aparans koup pafè, epi boom nou kite ,ou ka gon nouvo mennaj menm afiche ou paka afichel ,tèlmanw pa gen asirans
An palan de afiche ou panse son bagay ki senp pouw afiche mennaj ou?????
Afiche yon moun vle diw asimel, ou panse tout moun ka asime ?
Moun konn vle afiche menl paka afiche ,li ka gen lòt moun
-li ka ap plumen a lòt moun kel ap bay manti
-li ka wont revele nouvo mennaj li paske l te parye sou ansyen koup li,li ka gon sugar daddy/sugar mommy lap deplimen etc...
Tout atachmanw wew pedi briskeman gon lòt kap pranl kew ap konnen lel diw nou kite epiw aprann li gentan ranplasew ,lòt la te la deja
Ou ka gon nouvo mennaj epi envolontèman lespriw metew nan yon sot de challenge a ex ou, epiw wè w ap priye pou kaka voye nan mitan koup ex ou
Gen moun ki viv kouchman wi lè ex li pwogrese nan koup, sevol repwochel, pa mande Bondye si l ta fè anpil tan a ex li pi ex li marye epi koup li an chen
E sak fèl difisil pou wè ex al nan maryaj ex pa panse son bagay ki senp
Nou konn gen ex ki pran yon nouvo mennaj nan mitan antouraj ex li poul ka fe kè ex la grenn? Oubyen plede afiche nouvo mennaj li jis poul montrel ap viv lanmou pafè epi se tèt li lap fè mal
Lè ex ou ap makew wap wè sa nan ti detay yo , swiv li pou wè , ex ki ere an vrèman manfou de ou e sesi pa baw regle anyen bonl mm ka big patnew menm
Men ex ou we ki tj ap voye pwent , toujou sou bay show konn son vid lap eseye konble,lap eseye konvenk tèt li de yon pèt kel regret
Dènye bagay se ke ni kòd yo ni òmonn yo nou paka kontwole yo se la challenge yon koup, ou ka renmen plizyè moun pandan viw, men a kiyes wap ka fome yon koup,renmen yon moun pa vle diw dwe ansanm avèl...e sa ki pi difisil la, bon ou ka tj ap fè sanblan koup pafè pandan se blòf
Wè 2 koup grandi, redi ansanm, fonde fwaye konnen youn renmen lòt anpil , ew ap wè nan mitan yo gon gwo atachman
Like & pataje pou plis moun ka jwenn konesans
Idantifye mennaj/mari/madanm li avèw
Dr lemenst