21/01/2023
𝗞𝗜𝗬𝗘̀𝗦 𝗬𝗢𝗡 𝗔𝗩𝗢𝗞𝗔 𝗬𝗘? 𝗠𝗘𝗡 𝗥𝗘𝗣𝗢𝗡𝗦 𝗔𝗞 20 𝗞𝗘𝗦𝗬𝗢𝗡 𝗙𝗢𝗟𝗟𝗢𝗪𝗘𝗥𝗦 𝗬𝗢 𝗣𝗢𝗭𝗘 𝗡𝗢𝗨:
K1-𝗘𝘀𝗸𝗲 𝗮𝘃𝗼𝗸𝗮 𝘀𝗮𝗻𝘀𝗶𝗯?
®️wi nou sansib pou aplikasyon lalwa
𝗞2- 𝗲𝘀𝗸𝗲 𝗮𝘃𝗼𝗸𝗮 𝗸𝗮 𝗱𝗲𝗳𝗮𝗻𝗻 𝘁𝗼𝘂𝘁 𝗸𝗼𝘇 𝗻𝗲𝘁?
®️wi , odela de zak ki komèt la nou defann moun
𝗞3- 𝗲𝘀𝗸𝗲 𝗮𝘃𝗼𝗸𝗮 𝗴𝗲𝗻 𝘀𝗮𝗻𝘀 𝗺𝗼𝗿𝗮𝗹?
®️Nou telman moral nou priyorize defann moun olye nou rete sou zak ki komet la
𝗞4- 𝗘𝘀𝗸𝗲 𝗻𝗼𝘂 𝗱𝘄𝗲 𝗳𝗲̀ 𝗮𝘃𝗼𝗸𝗮 𝗸𝗼𝗻𝗳𝘆𝗮𝗻𝘀 ?
®️ Gen vòlè nan tout pwofesyon , se pa pwofesyon an se moun nan. Byen chwazi avoka'w e siw mande wap konn sa ki serye yo.
𝗞5- 𝗣𝗼𝘂𝗸𝗶𝘀𝗮 𝗽𝘄𝗼𝗳𝗲𝘀𝘆𝗼𝗻 𝘀𝗮 𝗴𝗲𝗻 𝘁𝗼𝘂𝘁 𝗿𝗮𝗸𝗲𝘁𝗲̀ 𝘀𝗮 𝘆𝗼
®️Anpil fwa se ou ki egare ki pran tout nèg ak vès ak yon vye valiz anba bwa yo pou avoka.
𝗞6- 𝗸𝗶𝗷𝗮𝗻 𝗽𝗼𝘂 𝗻𝗼𝘂 𝗸𝗼𝗻𝗻𝗲𝗻 𝘃𝗿𝗲̀ 𝗮𝘃𝗼𝗸𝗮 𝘆𝗼?
®️jis mande avoka a nan ki bawo li ye e fèl montre'w kat bawo a.
𝗞7- 𝗚𝗲𝗻 𝗺𝗼𝘂𝗻 𝗸𝗶 𝘁𝗼𝘂𝗷𝗼𝘂 𝗮𝗽 𝗽𝗹𝗲𝗻𝘆𝗲𝗻 𝗲 𝗱𝗶 𝗮𝘃𝗼𝗸𝗮 𝘀𝗲 𝘃𝗼̀𝗹𝗲̀ 𝗽𝗼𝘂𝗸𝗶𝘀𝗮?
®️anpil nan moun sa yo se yo ki volè a si avoka a travay li fe yo peye yo wè avoka a pa bon.
𝗞8: 𝗟𝗲̀ 𝘆𝗼𝗻 𝗮𝘃𝗼𝗸𝗮 𝗳𝗲̀𝗺 𝘆𝗼𝗻 𝗯𝗮𝗴𝗮𝘆 𝗸𝗶 𝗺𝗮𝗹 𝗸𝗶𝘀𝗮 𝗽𝗼𝘂𝗺 𝗳𝗲̀?
®️ou ka pote plent pou li nan bawo a yap jijel avew.
𝗞 9- 𝗲 𝗸𝗶 𝘀𝗮𝗻𝗸𝘀𝘆𝗼𝗻 ?
®️yo ka sispann avoka a pou yon tan e yo ka menm radye li net poul pa avoka ankò
𝗞10-𝗸𝗶𝘆𝗲𝘀 𝗸𝗮𝗽 𝗷𝗶𝗷𝗲 𝗮𝘃𝗼𝗸𝗮 𝗮 ?
®️Konsey de lòd Bawo a. Pa bliye nou se sel pwofesyon nan peyi Dayiti ki gen yon konsey de lòd
𝗞11- 𝗲𝘀𝗸𝗲 𝗽𝘄𝗼𝗳𝗲𝘀𝘆𝗼𝗻 𝘀𝗮 𝗱𝗶𝗳𝗶𝘀𝗶𝗹 ?
®️li gen anpil stres paske yon senp erè ou ka rann kliyanw pòv , ou ka rann yon antrepriz kraze , ou ka rann kliyanw fe tout vil nan prizon. Yon vrè avoka toujou ap bat bèt e li pran chak dosye li gen trè oserye.
𝗞12- 𝗘𝘀𝗸𝗲 𝗽𝘄𝗼𝗳𝗲𝘀𝘆𝗼𝗻 𝘀𝗮 𝗴𝗲𝗻 𝗮𝗻𝗽𝗶𝗹 𝗹𝗮𝗷𝗮𝗻 ?
®️lew avoka se pa pou lajan selman , men si Peyi a gen estabilite politik ak sekirite yon bon avoka pap plenyen.
𝗞13- 𝗲𝘀𝗸𝗲 𝗹𝗲̀𝘄 𝘀𝗲 𝗮𝘃𝗼𝗸𝗮 𝗼𝘂 𝗴𝗲𝗻 𝗽𝗼𝘂𝘃𝘄𝗮 ?
®️ sa pwal depann de sa’w rele pouvwa a . Men nou menm Avoka nou konn dwa ak devwa nou byen nou pap aksepte yo fè nou abi.
𝗞14-𝗽𝗼𝘂𝗸𝗶𝘀𝗮 𝗽𝘄𝗼𝗳𝗲𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗮𝘃𝗼𝗸𝗮 𝘀𝗲 𝗽𝗶 𝗴𝘄𝗼 𝗽𝘄𝗼𝗳𝗲𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗸𝗶 𝗲𝗴𝘇𝗶𝘀𝘁𝗲?
®️Paske se pwofesyon ki pote kè poze pou kliyanl . Yon avoka se yon konseye , yon defansè., yon akonpayatè. Ou ka fè yon zak tout moun baw do se sel avokaw kap kanpe avew pou li asire ke yo respekte dwa’w. Nou menm avoka nou renmen moun anpil.
K15-𝗞𝗼𝗻𝗯𝘆𝗲𝗻 𝘁𝗮𝗻 𝗽𝗼𝘂 𝗽𝗿𝗮𝗻 𝗽𝗼𝘂 𝘃𝗶𝗻 𝗮𝘃𝗼𝗸𝗮?
®️Anviwon 7 lane . Wap fè 4 ane etid dwa , ou ka pran yon lane pou fè memwa e wap fè 2 zan estaj kòm avoka estajyè.
𝗞 16 𝗽𝗼𝘂𝗸𝗶𝘀𝗮 𝗼𝘂 𝗮𝗻𝗸𝗼𝘂𝗿𝗮𝗷𝗲 𝘆𝗼𝗻 𝗷𝗲̀𝗻 𝗲𝘁𝗶𝗱𝘆𝗲 𝗱𝘄𝗮 ?
®️ depiw renmen libète ou oblije etidye dwa.ou pa bezwen fè dwa pou vin avoka selman.
𝗞17- 𝗸𝗶𝘀𝗮𝘄 𝗽𝗮 𝗿𝗲𝗻𝗺𝗲𝗻 𝗻𝗮𝗻 𝗽𝘄𝗼𝗳𝗲𝘀𝘆𝗼𝗻 𝘀𝗮?
®️M pa renmen lè w fin travay pou kliyan yo pa peye. Chans pam m pa gen kliyan konsa. Anpil fwa lè yon vwayou raketè vòlè swadizan avoka fè yon zak anpil moun san konprann nan sosyete a mete nou tout nan menm panye.
𝗞18-𝗣𝗼𝘂𝗸𝗶𝘀𝗮 𝘄 𝗿𝗲𝗻𝗺𝗲𝗻 𝗽𝘄𝗼𝗳𝗲𝘀𝘆𝗼𝗻 𝘀𝗮 𝗸𝗼𝗻𝘀𝗮 𝗠𝗲 𝗙𝗹𝗲𝗿𝗲𝗺𝗲?
®️ m chwazi suiv met la ki pwal avoka nou tout odènye jou. Anplis yo relem P-Lex lex vle di lwa an laten😀
K19- 𝗦𝗶’𝘄 𝘁𝗮𝗽 𝗰𝗵𝘄𝗮𝘇𝗶 𝘆𝗼𝗻 𝗹𝗼̀𝘁 𝗽𝘄𝗼𝗳𝗲𝘀𝘆𝗼𝗻 𝗸𝗶𝘀𝗮 𝗹𝗶 𝘁𝗮𝗽 𝘆𝗲 𝗠𝗲𝘁 𝗙𝗹𝗲𝗿𝗲𝗺𝗲?
Domèn dwa a telman anpil tout lavi pa tap sifi poum etidye tout branch yo . Sim te ka se yo tout nèt m tap fè. M pa ka etidye lot bagay m ne poum avoka.
K20- 𝗘𝘀𝗸𝗲’𝘄 𝗸𝗼𝗻𝘀𝗶𝗱𝗲𝗿𝗲 𝘁𝗲̀𝘁 𝗼𝘂 𝗸𝗼̀𝗺 𝘆𝗼𝗻 𝗯𝗼𝗻 𝗮𝘃𝗼𝗸𝗮?
M pa ka reponn kesyon sa . Si’w wè kliyanm yo , siw konnen yo wa mande yo.
Aussi simple que ça !!!
𝗣𝗲𝗹𝗲𝘅 𝗙𝗹𝗲𝗿𝗲𝗺𝗲. 𝗔𝘃., 𝗟𝗟.𝗠, 𝗖𝗥𝗖𝗠𝗣 ©©©
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
C'est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu'il en a reçu.
A. Einstein.
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
Ce texte n’est pas sécable. Si vous souhaitez le partager, il doit rester entier et n'oubliez pas de mentionner sa source
✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉✉
Vous ne nous suivez pas encore sur les réseaux sociaux ? Alors qu’attendez-vous ? pour suivre toute notre actualité Rejoignez-nous sur:
• 𝗙𝗮𝗰𝗲𝗯𝗼𝗼k en cliquant sur le lien suivant : https://www.facebook.com/fleremelaw/
• 𝗧𝘄𝗶𝘁𝘁𝗲𝗿 en cliquant sur le lien suivant : https://mobile.twitter.com/pflereme
• 𝗜𝗻𝘀𝘁𝗮𝗴𝗿𝗮𝗺 en cliquant sur le lien suivant: https://www.instagram.com/pflereme
• 𝗟𝗶𝗻𝗸𝗲𝗱𝗶𝗻 en cliquant sur le lien suivant : http://linkedin.com/in/pelex-flereme-87692735
𝐘𝐨𝐮𝐭𝐮𝐛𝐞 en cliquant sur le lien suivant : https://youtube.com/channel/UCW3edPlGe4ndftrsSWgO2Lw
𝐓𝐢𝐤𝐭𝐨𝐤 en cliquant sur le lien suivant: https://vm.tiktok.com/ZM8QxWQ6D/