Tipa tipa nap rive

Tipa tipa nap rive nou la pou sevis lokal et komes detay ak bay info tankou jounal

27/08/2021

Pour Maxim, je devais accoucher le 17/10, j’ai accouché finalement le 21/09.
Pour Émilie-Rose, elle était prévue le 09/04, j’ai accouché le 04/04.
Et vous ?

Men yon ti solisyon pou medam yo,pa gen anpil fi ki gen konesans sa yo ekzèsis Kegel li bon pou medam yo travay perine y...
05/05/2021

Men yon ti solisyon pou medam yo,pa gen anpil fi ki gen konesans sa yo ekzèsis Kegel li bon pou medam yo travay perine yo, ou ka asosyel a "boule de Geisha" , wap gon perine a yon vajen ki tòf,pataje tèks sa pou plis fi jwenn konesans paske li bon pou fanm ansent ki vle fasilite akouchman, ki pa vle pran sizo ni gen emowoyid , li bon pou fi ki konn gen vajen kap fè bri tankou pete lè yap fè sèks e vajen ki lach

Avanm kòmanse map di nou medam Sin ta renmen gen boul de Geisha rele nan +509 44 04 0140
Sin gen whatsapp klike sou lien sa nap antre an kontak dirèk a yon responsab kap livrel pou nou
https://wa.me/+50944040140

Ekzèzis kegel a boul geisha ranfòse perine medam yo, perine an son "muscle" ki nan ti espas ki nan mitan twou vajen an a twou dèyè ,li soutni vesi, matris, entesten(trip), lè w kontraktel vajen an kontrake tou, siw vle stimilel, fè mouvman komsiw tap kenbe p**i epiw kenbe p**i an , wap wè ti espas sa kontrakte, medam ki ansent yo avan nou fè mouvman sa yo, fòk nou gon gwosès ki an bòn sante, siw gen pwoblèm li pa konseye

Ann kòmanse a ekzèsis Kegel yo ,li gen non sa se paske premye doktè ki te travay sou perine an se te Dr Arnold Kegel ki te yon jinekològ nan ane 1948, li te envante mouvman sa se pou anpeche medam yo pran sizo a operasyon, e pou dekontrakte perine an

Fanm ansent konn gen pwoblèm kenbe p**i pandan akouchman oubyen aprè,li ede medam yo akouche pi fasil paskel ede yo konprann mouvman kontraksyon a relachman pandan akouchman e lèw ap sèvi a "Boule de Geisha" se mouvman kontraksyon a relachman ou pral fè lèw metel nan vajen an, ou tou antrene pou akouchman,ekzèsis sa yo nou pral pale la pèmèt fi an gon bon akouchman e poul reprann aprè akouchman

medam yo konn ap fè sèks vajen yo ap fè yon bri tankou pete , oubyen vajen an konn lach, se solisyon nou medam

Avan w fè ekszèsis Kegel yo li enpòtan pouw lokalize muscle ou pral travay la, m te di nou se espas ki ant vajen a twou dèyè an,fè komsiw tap p**i epiw kenbe p**i wap santi zòn sa kontrake

Pou fi ki fenk akouche yo li pa enpòtan pouw plede fè ekzèsis Kegel nan premye semenn yo aprè akouchman li ka reveye doulè, 3 seri de 10 repetisyon sifi

Se 4 Ekzèsis yo ye ann kòmanse a 1

Ekzèsis 1
Avanw komanse ,ou dwe p**i e al twalèt, si vesiw plen ou ka p**i sou ou e reveye doulè
-kontrakte sèlman perine an pa kontrakte ni vant ou ni dèyèw, ou ka met yon men sou vant ou pouw sa sure ke w pa kontrakte vant ou
-respire byen pa bloke respirasyon

-chita sou yon chèz ou yon ti kote
-kontrakte perine an pandan 5 segond epi lachel pandan 10 s, pa fè plis ke tan ke sa
-pran yon ti poz de 10 segond epi rekòmanse, pratike ti ekzèsis sa pandan 10 fwa pandan 3 a 4 fwa pa jou

Si 5 segond twò di ,ou ka fè 2 a 3 segond, ou ka relache pandan 4 a 6 segond

Siw gen do oubyen vant fè mal se kew mal fè ekzèsis la, sa di se dow a vant ou, ou te kontrakte olye de perinew,nan ka sa plake dow nan mi siw chita

Ekzèsis 2
-kouche sou do,tèt ou dwe atè ,relache dow atè an,bra lon kòw, pyew atè janb ou pliye, sere youn kont lòt , kontrakte perinew pandan 10 segond relachel pandan 10 segond

Ekzèsis 3
Kouche pi pliye jenouw,
Enspire pwofon(rale lè antre)
-soufle lantman pandanw ap kontrakte perinew , kenbe souf ou, fè komsi lè an tap sot nan vant ou pou monte nan pwatrin ou, vant ou ap antre epi pwatrin ou ap bonbe,sa pèmèt muscle perine an byen kontrakte , ekzèsis sa pèmèt moun liberasyon tansyon fizik e chase strès tou

Ekzèsis 4
Kouche sou do kenbe tet ou sou sòl la ,kontrakte dèyèw ,pi souvle dow lantman pandanw ap kontrakte perinew, kite tèt ou sou sòl la pandanw ap leve dow , enspire (rale lè)pandan 10 segond, pi redesann dousman pandan ap soufle, depoze dow dousman relache muscle e pratike ti ekszèsis sa pandan 10 fwa afile

Ann wè kèk efè boul de Geisha li menm
premye efè an nou konnenl li miskle perine an lè fi an antre l nan bouboun li e fè ekzèvis , mouvman reflèks perine an kapte boul yo anndan bouboun fi an, sa vin rafèmi a devlope miskl nan perine yo a nan vajen an, sa depann de nonb boul a pwa boul nou itilize yo paske pake an gen plizyè boul

2-gen de fi ki konn paka kenbe p**i aprè yon operasyon nan basen ki konn koze domaj, tankou pou kis, sezaryèn oubyen fibwòm etc...boul de Geisha yo anpeche sa, paskel miskle rejyon nan basen an, a koz de perine an ki fò an wap ka solitite l pou kenbel

3-li bon pou fi ki gen vajen sèk ki paka mouye,sa ki konn blese vajen fi an oubyen peni gason an pandan rapò an paske lè fi an pa byen mouye fwotman yo ka blese peni gason an oubyen vajen fi an,
Lè medam yo sèvi a boul de geisha fwotman boul de Geisha a pawa vajen an stimile sekresyon(bay ti likid) vajen an e fè fi an mouye .

4-li bay plis plezi nan rapò seksyèl yo akoz li travay kouch "muscle" ki nan vajen an, bouboun fi an byen sere, li byen kenbe peni an e gason an jwenn plis plezi e fi an tou paskel pèmèt yon afli san nan rejyon vajen an

Kijan poun sèvi avèl?
1-avann sèvi avèl ,dabò fòn al p**i poun vide vesi nou medam,aprè lave men nou, mete boul yo tranpe nan dlo cho pandan yon ti tan pou elimine jèm mikwòb yo oubyen lave yo a savon,pou pa pote jèm mikwòb nan bouboun nou

2- avanw antrel ou ka met ti dlo sou li, oubyen sèvi a librifyan pou librifyel pou fasilitel antre l( siw genyen) antrel dousman oubyen virel pandanw ap antrel, antre youn oubyen 2 sa depann de ou paske lè nachtel yap wè jan yo prezante kite tifil la deyò

Ou ka sèvi avèl chak jou pandan 10 a 30 minit , lèw metel ou ka fè mouvman pou kontrakte vajenw ,konsa tou ou ka metel epiw okipew de tout aktivitew san pwoblèm san fòse anyen, senpleman rete an mouvman lèl nan bouboun nou,poun ka travay "muscle yo"

Aprè 10 a 30 minit (30 minit se tan ideyal la)Lè nap retirel kounya detann nou,rale fil la,retirel delikatman san fòse netwayel epi metel yon kote ki pwòp

Ki boul pou chwazi ? Pouw konn a ki boul pou sèvi sa depann de nivo miskilasyon perinew lach tankou aprè akouchman oubyen aprè menopoz komanse a sa ki gen 3.5cm dyamèt la

Lè rejyon an komanse miskle ou ka pase a yon pi gwo boul oubyen 2 boul,siw pako gen pitit ou gen mwens ke 30 an ou ka sèvi a sak pi piti an avan e detanzan lè vajen a perine an byen miskle ou ka sèvi a yon pi gwo yo

Sin ta renmen gen boul de Geisha medam rele nan +509 44 04 0140

Sin gen whatsapp klike sou lien sa nap antre dirèk a yon moun kap livrel pou nou
https://wa.me/+50944040140

Like & pataje
Tag yon zanmi li avèw
Norbrun Kerry Care-ry

Ann pataje Tèks lan pou plis fanm ka jwenn konsèy sa yo ,konesans pa gen mezi🔹MEN 14 KONSÈY POU YON FANM KI ANSENT🤱▪️1)K...
11/02/2021

Ann pataje Tèks lan pou plis fanm ka jwenn konsèy sa yo ,konesans pa gen mezi

🔹MEN 14 KONSÈY POU YON FANM KI ANSENT🤱

▪️1)KÒMANSE KONTWÒL PRENATAL BONÈ :epi ale nan tout kontwòl yo; swiv tou tout enstriksyon jinekolog lan bay ou epi dwe pran tout medikaman yo ke Doktè endike ou.

▪️2) FÉ YON REJIM ALIMANTÈ KI EKILIBRE AK MODERE; pa di wap "manje pou 2". Yon rejim alimantè ki rich nan legim, fwi, sereyal, pwason, letye ak ki pa gen anpil grès pral ede ti bebe a grandi an sante epi manman an pa pran pwa. Pasta dous, pen, s*k ak an jeneral tout idrat kabòn yo ou ta dwe pran ak modération. Evite manje sèl ki depase, menm jan li konsève likid nan kò a epi li ogmante èdèm nan pye yo.

▪️3)Evite konsomasyon alkòl, kafe, tabak, soda ak dwòg. Evite kontak ak / oswa ekspoze a ensektisid, plon (penti) ak radyasyon (reyon X).

▪️4)Fè egzèsis modere: mache, naje, san yo pa depase efò. Egzèsis kontwole avantaj manman ak ti bebe.

▪️5)Repoze omwen 8 èdtan nan yon jounen epi pran yon ti dòmi nan apremidi a. Sèvi ak zòrye pou sipò, dèyè do ou, mete youn ant jenou ou ak anba vant ou. Kouche sou bò gòch ou POU AMELYORE SIKILASYON MATRIS-PLASANTA. Pratike bon abitid dòmi, tankou ale nan kabann ak leve a menm lè an chak jou.

▪️6)METE RAD AK SOULYE KONFÒTAB. Ou ka bèl ak konfòtab an menm tan , Gwosès lan pa vle diw dwe lage kòw ,ni sa pa vle diw dwe met rad ki two sere tou sitou rad ki ka sere vant ou .

▪️7)PRAN YON SIPLEMAN VITAMIN REKÒMANDE PA DOKTÈ OU. Asid folik, fè, kalsyòm, elatriye. yo vitamin esansyèl ak mineral pou ti bebe a, siman doktè ou ap endike li pandan gwosès la.Pa bliye asid folik lan jwen yon gwo wol epi li ede timoun nan fè san malfomasyon.

▪️8)Pran swen aparans pèsonèl ou. Pran swen tèt ou chak jou, aplike krèm, ranje cheve ou ak zong pral ede w rete tjou pi bèl ak kenbe oto-estim ou wo. Li pi preferab pou fè pou evite mete koulè cheve ou oswa aplike koulè nan zong pandan premye trimès la; pandan rès gwosès la li selon diskresyon Jinekolog ou.

▪️9)Bwè anpil dlo (8 a 10 vè dlo nan yon jounen) paske li anpeche maladi urin, konstipasyon ak aparans nan mak pitit oubyen (vergeture.)

▪️10)Konsilte dantis la, paske si gen dan pouri, parodontit oswa jenjivit, bakteri ka emigre nan san an ak lakòz pwoblèm sante grav.

▪️11)Pandan peryòd apre akouchman an, ki rele puerperium, ki se 40 jou apre akouchman, ou dwe sonje, se tankou nan gwosès, ke sa ou manje oswa medikaman ou pran yo ka afekte tibebe w la lè l pase nan lèt tete, kidonk ou dwe swiv ... rekòmandasyon nan jinekolog ou ak pedyat tibebe w la.

▪️12)Tout chanjman ekstrèm ke kò ou sibi pandan gwosès ap retounen nan nòmal nan yon peryòd 40 jou apre akouchman, eksepte tete yo, ki nan devlopman konplè akòz bay tete.

▪️13)Li enpòtan yo sèvi ak senti andominal oubyen (faja) lè doktè ou rekòmande ou li pou yon peryòd de 4 semèn (apre akouchman).

▪️14 )Aprè Akouchman, kontinye pran vitamin ou menm jan ak pandan gwosès dapre rekòmandasyon doktè ou.

Bonu: evite fè kolè pandan gwosès lan paske sa ka koz tansyonw moute epiw fe eklanmsi.

NB: Gwosès lan se youn nan pi bel moun ke yon fanm ka pase konsa li ka pi move mon sie pa swiv konsey sa yo,pa bliye nenpòt ti neglijans ka fèw pedi timoun nan .

like&pataje pou plis moun ka jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw

Dr Jean David Laurangilles 👨🏿‍⚕️⚕️

https://www.facebook.com/Dr-Jean-David-Laurangilles-officiel-109277947243455/

(Mesaj sa enpòtan pou medam yo konnen, pa neglije pataje tèks sa pou plis fi ka jwenn konesans)Anpil fi lè yo al pran re...
07/02/2021

(Mesaj sa enpòtan pou medam yo konnen, pa neglije pataje tèks sa pou plis fi ka jwenn konesans)

Anpil fi lè yo al pran rezilta sono youn nan bagay ki kapte atansyon yo ,yo konn wè nan rezilta" Utérus anteversé" oubyen "uterus retroversé " doktè konn pa ba yo eksplikasyon sou sa men sa konn enkyete yo, avan tou map fè kou konnen "uterus "la se li ki matris la ,lè fanm nan ansent se la bebe an grandi

Avan fònn konnen matris yon fi nan mitan 2 òga' n ,li gen vesi an devan ki tankou son blag stoke p**i, se sak fè lè matris la kòmanse gwo li konprese vesi an e youn nan rezon ki fè fanm ansent p**i anpil , dèyè matris la gen "re**um" ki son pati nan trip la se rezon sa ki fè fanm ansent konn konstipe souvan se paske lè matris la ap gwosi li konprese "re**um " nan

Kounya poukisa nan rezilta sono yo nou wè Utérus antéversé ou retroversé? Yo pale de "utérus antéversé"se lè matris la baskile devan sou vesi an , se pozisyon sa pifò matris fi genyen , lèl retroversé se lèl baskile pa dèyè sou re**um nan. Se pa yon maladi lè n wè yo mete anté oubyen retroversé, tou 2 nòmal, men ti pwoblèm nou konn jwenn se nan pozisyon retroversé an, doktè yo konn chèche si pa gen yon lòt pwoblèm ki fè matris baskile pa dèyè

ann wè si retroversé an gen rapò a sa nap rele matris ba, ki pwoblèm li ka bay oubyen sil gen konesans sou gwosès

Anpil fwa yo te konn vle fè kwè retroversé an gen rapò a doulè règ men yo pwouve se pa vre, anpil fwa an Ayiti nou asimilel a matris ba , paske gen fi ki konn santi doulè anba ti vant aprè rapò seksyèl , rezon an senp pwiske matris baskile pa dèyè nan rapò an peni ap bite dirèkteman nan kòl la se rezon sa ki fè gen fi ki paka sipòte nenpòt postè nan rapò seksyèl e ki konn gen anba ti vant fè mal aprè yon rapò

Matris ki retroversé an dèfwa se konn yon fibwòm ki baskilel ou kwensel pa dèyè. Konsa tou se konn yon andometriyoz se rezon sa ki fèm di nou medsen yo konn chèche konnen si pa gen yon anomali ki koze sa, se konn yon malfòmasyon nan matris la ki koze sa

Ann al nan moman gwosès kounya sa poun konnen depi matris la kòmanse gwo li pa ta dwe rete retroversé ankò si l ta rete nan pozisyon retroversé fanm ansent lan ka gen gwo pwoblèm pou p**i a koz de kòl matris la ki kwense vesi a oubyen kanal pou p**i an pase ki konn koze p**i paka koule e responsab enfeksyon nan p**i

-pandan gwosès toujou gen ka ki ra kote se sezaryèn yo fè fi sa yo, yo pa kite yo akouche pa vwa bas

Sa poun konnen plis fi gen matris anteversé e si nan ka retroversé an pa gen okenn pwoblèm sa pa gen konesans sof nan kèk ka pwiske tou 2 pozisyon se pozisyon nòmal matris la

Like & pataje pou plis moun ka jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw

Norbrun Kerry Care-ry

Quelques règles pour vivre longtemps :Non aux :- 1. Non à l'huile raffinée- 2. Non aux laits d'origine animale- 3. Non a...
30/01/2021

Quelques règles pour vivre longtemps :
Non aux :
- 1. Non à l'huile raffinée
- 2. Non aux laits d'origine animale
- 3. Non aux cubes maggi, cubes d'assaisonnement(bouillons).
- 4. Non à la consommation des jus gazéifiés des différentes brasseries (32 morceaux de sucre par litre)
- 5. Non aux sucres raffinés
- 6. Non aux micro-ondes
- 7. Non à la mammographie avant accouchement, mais echomamaire
- 8. Non aux soutiens gorges trop serrés
- 9. Non à l'alcool
- 10. Non au réchauffage des repas congelés
- 11. Non à la conservation de l'eau au frigo dans des bouteilles plastiques...
- 12. Toutes les pilules contraceptives ne sont pas bonnes parce qu'elles changent le système hormonal de la femme et donnent le cancer.
- 13. Déodorants sont dangereux surtout utilisés après rasage.
- 14. Les femmes qui allaitent attrapent moins le cancer du sein que celles qui n'allaitent pas.
- 15. Les cellules cancéreuses se nourrissent essentiellement de sucre, tout ce qui est sucre synthétique même le marron.
- 16. Un cancéreux qui supprime le sucre dans son alimentation voit sa maladie régressée et peut vivre longtemps: sucre = ennemi mortel.
- 17. Un verre de bière fait 5h dans le corps et pendant ce temps les organes du système fonctionnent au ralenti.
- 18 non aux tabacs.
Oui aux :
- 1. Crudités
- 2. Miel en quantité mesurée à la place du sucre
- 3. Protéines végétales telles le haricot par rapport à la viande
- 4. Deux verres d'eau à jeun avant même brossage des dents, de l'eau gardée dans sa chambre ayant la même température que nous au réveil 
- 5. Repas non rechauffés
- 6. Jus anti cancer: aloe véra + gingembre + persil + céleri + promaline (milieu de l'ananas) mixer et boire à jeun.
- 7. Autre jus anti cancer: corossol (sans pépins)+promaline.
- 8. Manger la carotte crue ou cuite ou en jus chaque jour.
Juste pour partager l’info .
L'association des docteurs Américains a donné des réponses à la cause de cancer .
- 1. Ne buvez pas du thé dans une tasse (gobelet) en plastique.
- 2. Ne mangez rien de chaud dans un papier ou sac plastique. Exemple : Pomme de terre ( frite).
- 3. Ne faites pas cuire les aliments au micro-onde en utilisant du matériel plastique.
Pour rappel :
Quand le plastique est en contact avec la chaleur, cela crée des produits chimiques qui peuvent causer 52 types de cancer.
Ce message vaut mieux que 100 SMS inutiles.
Informer vos familles , amis , afin de sensibiliser les effets néfastes sur votre corps .
 Évitez de boire du Coca Cola sur de l'ananas ou après que vous ayez mangé de l'ananas comme dessert.
Ne panachez surtout pas du jus d'ananas avec du Coca.
Ce mélange est mortel ! Des gens y décèdent et on croit à tort qu'ils ont été empoisonnés.... Ils ont été victimes de leur méconnaissance de ce cocktail mortel !
Important Conseils santé:
 Répond aux appels téléphoniques avec l'oreille gauche.
 Ne prend pas tes médicaments avec de l'eau glacé ....
 Ne mange pas les repas lourds après 17 heures.
 Boit plus d'eau dans la matinée, moins la nuit.
 Meilleur temps de sommeil est 22 heures -4 heures.
 Ne vous allongez pas immédiatement après la prise de médicaments ou après les repas.
 Lorsque la batterie de votre téléphone est faible à la dernière barre, ne pas répondre au téléphone, parce-que le rayonnement est 1000 fois plus puissants.
 Peux-tu transmettre cela aux personnes que tu aimes ?
Je viens de le faire, la prévention ne coûte rien.❤❤💕🙏🙏

Maladi gal ap fini a moun lagonav nan moman men foto yon timoun mwè kap lite a gratèl la , mezanmi bagay yo grav ,pa neg...
26/01/2021

Maladi gal ap fini a moun lagonav nan moman men foto yon timoun mwè kap lite a gratèl la , mezanmi bagay yo grav ,pa neglije pataje tèks sa pou alète popilasyon pou pwoteje tèt yo

eskew konnen aktyèlman an Ayiti gen yon gratèl ki anraje deyò an, vin li ansanm kisal ye ,kijanw ka pran l ,e kijan pou pwoteje pou tèt ou

maladi ki koze gratèl sa deyò an se maladi gal

gal koze pa yon parazit ke yo rele Sarcoptes scabiei homonis femel parazit sa kreze tou nan po an e ponn ze, aprè 3 a 4 jou ze an eksploze pou libere lav, e lav sa yo pral plede fè ti siyon nan po moun nan, yon ayisyen aktyèlman ki viktim de gratèl sa gen anviwon 5 a 10 parazit kel ap mache bay moun

kiyes ki a risk pou pran gratèl la?
-moun kap evolye kote ki gen anpil moun tankou mache ,lopital , lekòl
-kote aksè dlo redwi
-moun ki gen moun lakay li kap plede grate e ki pa janm al kay Dr

kijanw ka pran nan gratèl sa?
li trè kontajye moun ka bay li fasil nan kontak po a po , nap jwenn anpil fwa se timoun ki pranl nan lekòl yo , nan yon kay konn gen plizyè moun ki pranl,nan kontak pandanw nan yon rapò seksyel, nou ka pranl nan rad nap sèvi a lòt moun

nan tout ka li merite trètman paskel pap geri konsa konsa e moun nan ka transmèt lòt moun li byen fasil depiw an kontak a moun ki gen gal ou ka pranl tou e sak fè depi moun ap fè trètman li nesesè poul bouyi tout rad tout dra ki nan kay la e met matla yo pran solèy

kisa moun nan ap santi?
moun nan ap santi yon gratèl ki vin fò sitou nan nwit,ki konn anpeche moun nan dòmi

kote ki plis touche ,moun nan plis grate se:
-fant dwèt li
-anba bral
-tete fi an
-òga'n jenital mesye yo
-vant sitou nan wonn lonbrit lan

ann wè lòt tip gal paske tout pa vin sou menm fòm pouw ka diferansye yo:
-gon tip gal nou jwenn kay bebe a timoun yo , gen yon bann boul nan pla men yo a pla pye yo , li konn bay aspè ekzema, yo konn pran dol , vizaj, po tèt yo konn pran, wap gen yon bebe ki irite, ki fatige el konn pa vle dòmi , manman ka bay bebe an , e timoun nan ka pranl lekòl li e bay manman li

-gon gal ki fè po moun nan chaje ti kwout yo ke nou jwenn souvan lakay granmoun ki aje yo, fòm sa ekstrèman kontajyez moun ka pranl fasil paske kategori moun sa yo gen anpil anpil parasit sou yo
granmoun yo tèlman ap grate po yo konn fann e bakteri tou pwofite penetre kò yo , yo konn gaye nan kò gramoun yo e ka menm touye moun nan

-gon lòt tip gal nou jwenn lakay moun ki trè pwòp ,moun sa yo pa gen okenn règ lijyèn ou pral repwoche yo, li prezante tankou yon ekzema ke malgre moun nan ap swiv trètman, li pa janm jwenn solisyon e pandan tan sa lap mache bay lòt moun li
men kijan poun diferansye gal de lòt maladi po ki ta vle sanble avèl

kelke aparans ou ta wè po an genyen , pil ti bouton kap grate moun nan sak pral diferansye gal la de tout lòt maladi po se ke nan gal la moun nan grate anpil sitou nan nwit sa nou pa jwenn nan lòt maladi po yo ki ta vle sanble a gal e gratèl sa konn menm anpeche moun nan dòmi

menvoke ekzema anpil nan lòt fòm gal la ka parèt sou yon moun ann rapidman fè diferans lan , poun pa konfonn yo, nan gal la po moun nan pa sèch epi si moun nan gen ekzema li pap bal gratèl nan nwit karakteristik sa se pou gal

kisaw ka fè poum pa trape gratèl sa?
pi gwo prevansyon an se moun ki fè gal la ki pral pwoteje moun ki nan antouraj li pou sa fèt fòl al kay doktè e swiv trètman

ou menm ou gen pou limite kontak avèk tout moun ou ta remake kap grate
- limite rad wap sèvi a moun
-izole moun kap plede grate
-lave menw plizyè fwa nan yon jounen sitou lèw fin bay lamen

-siw te gen moun ki viktim de gratèl la bouyi tout rad li e mete matla yo nan solèy

like & pataje
idantifye yon moun li avèw poul o kouran de gratèl la

Norbrun Kerry Care-ry

♣️ jodia mwen pote yon atik pou nou ki bay souvan anpil pwoblem nan sosyete a men se yon bagay majorité jenn konn fel me...
23/01/2021

♣️ jodia mwen pote yon atik pou nou ki bay souvan anpil pwoblem nan sosyete a men se yon bagay majorité jenn konn fel men konsa tou genyen ki di yo pap fe bagay konsa...

♦️ se pou sa jodia a mwen vinn eklere nou sou sijè sa map envitew rale telefonn nou chita epi pran san nou li post sa e pa bliye pataje l e like paj sa tou ....

🥁 nou sou you tube tou al abonè ave nou pou n ka fe travay la pi byen

Mesi...

♣️ kisa sijè a ye eske spem bon pou moun bwe???

♣️ kisa spem ye??
♦️ spem se yon likid viskè ki soti nan peni neg la le lap éjakile li sekrete pa ogan reprodiktè e li stoke nan testikil neg la ( boul grenn) se nan spem nan ki genyen spematozoid ki la pou ansent fi a likid ke gason an bay nan laj puberté li fet avek dlo ,spermatozoïd,omonn, neuro transmetè oubyen endofinn nou gen 20 a 200 milyon spematozoid pa milimet likid...

♣️ kisa spem nan gen ladan l ki bon ( nutritif)
♦️ spem nan fet plis avek dlo men tou li plen lot nitriman ki bon pou ko nou pou ka jwenn nitriman sa yo fo w bwe spem nan yo rele aksyon sa seminofaji
👌 gen chef kwizinn ki kon mete kek fwa spem nan kek gwo pla

♣️ spem genyen ladan l
👉 vitamin n c
👉 vitamin n B12
👉 protéine
👉 li Rich an minero
👉 potassium ...

👌 tout sa map di yo la se an fonksyon laj
moun nan e eta sante l tou ....

♣️ spem jwe yon wol nan stres e ansyete...
👉 dapre plisye etid spem nan bon pou ansyete epi depresyon ou we lew finn bwe spem nan li few ere ou bliye tout pwoblem se gras a omonn ki gen nan spem nan tankou
👌 sérotonine
👌 mélatonine
👉 omonn sa yo repite pou yo régulé ansyete reg sa valab tou lew bwe spem nan....

♦️ ou we le wap fe yon 🐄🐄 ti bef spem le w bwel li vinn tounen yon (antidépresseur) naturel ou konn tande chokola bon pou dépresyon ebyen map diw se pa pase spem ....

♦️ spem bon pou po e li lite konn vyeyisman
👉spem nan gen spemadine ladanl e ki tre bon pou po men nou ka jwenn li nan kek vejeto tou yo gen yon veti efikas nan lit kont vyeyisman selil po a.....

♦️ spemadine nan tou li lite kont maladi Atzheimer e li fe cheve pouse byen ou we siw bezwen cheve spem ka itil ou....
♦️ e li lite kont kanse nan sen...

♣️eske gen danje lew bwe spem??
♦️ tout bagay ki gen bon kote l konsa tou gen move kote l tou konsomasyon spem nan gen ti danje tou gen moun ki aleji ak spem ki ka fe bouch moun nan gonfle etc sil te an kontak avek spem nan ....
♦️ gen transmisyon enfeksyon e maladi ou ka pran nan fe bagay ....
👌 moyen pou proteje w se mete kapot..... pa bliye spem nan tou ka transmet viris....

Dr Lebrun Reginald
Like & pataje
Lebrun [email protected]

🥁 pa bliye like paj la e pataje post la
Siw poko like nou antre sou lien sa ba nou like la mesi 👇👇👇👇👇👇👇
https://www.facebook.com/Dr-Lebrun-Reginald-104383767995671/

E nou sou you tube tou abonè ave n mesi pou sipow 👇👇👇👇👇👇👇 klike sou lyen sa

https://youtube.com/channel/UCzbXKzP3JPjLdXvvo-tE0rg

Tout fi ta dwe li e pataje tèks sa pou plis lòt fi jwenn konesans sa touMen 10 bagay tout fi kap met kilòt dwe konnen so...
22/01/2021

Tout fi ta dwe li e pataje tèks sa pou plis lòt fi jwenn konesans sa tou

Men 10 bagay tout fi kap met kilòt dwe konnen sou kilòt ,dim ki nimewo ou pat konnen, pa kenbe konesans sa pou kòw

Pataje tèks sa pou plis fi ka jwenn konesans paske jounen jodya anpil ayisyèn ap fè enfeksyon vajinal malgre yo respekte règ lijyèn,men sa yo pa konnen kilòt yap mete an ka jwe yon wòl nan sa, gen fi ki konn ap met kilòt ki kite pil mak sou po ,yo pa konn si sa ka vin yon danje pou yo, genyen ki pa konn si se kilòt koton oubyen sentetik pou yo mete, nou te konnen siw met yon tanga ki twò piti oubyen twò gwo pou ou ka baw enfeksyon?

nou pral ouvri jew nan tèks sa sou koze jann ap sèvi a kilòt pou kenbe vajen nou an sante

1-gen de sitiyasyon ki rive li konn rekòmande pou fi an pa mèt kilòt pa ekszanp nan ka yon fi ki fè enfeksyon ki koze pa chanpinyon jan de fi sa yo konn ap bay yon sekresyon tankou lèt kaye, eben chanpinyon yo renmen kote ki imid , lè fi ki viktim de enfeksyon sa pa met kilòt ankò ,pa gen imidite ankò ,dayè yo remake lè fi sa yo pa met kilòt pandan enfeksyon vajinal pandan yon tan , yo gen yon ti soulajman

2-kilòt pa dwe kite mak sou pow sil kite mak sou pow sa senpleman vle di ke li twò piti pou ou , lefèt kel twò piti ka iritew pouw se sak konn rive anpil fi kotel kite yon bann mak wouj bò kwis fi an , kote sa yo konn enfekte, ann pran ekszanp yon kilòt tankou tanga , sil twò piti oubyen twò gwo a koz de fil la ki pase nan fant dèyè an li ka pran mikwòb ki nan anis ou (twou deyèw) pote nan vajenw e sa ka bòw yon enfeksyon nan vajen, sak pi bon an se met yon tanga yon gwosè nòmal

3-ou dwe dòmi san kilòt paske sa enpòtan pou redwi nan imidite kilòt la ap kreye ,imidite favorab pou mikwòb miltipliye nan vajenw e baw enfeksyon ,lèw retire kilòt ou vajen an mwen imid e li resevwa lè

4-ou pa dwe met yon kilòt 2 fwa sou ou siw pa lavel rezon an se paske kilòt an kontak dirèk avèk pow, li absòbe tout sa pouw rejte tankou swe, glè, sekresyon, san, tras twalèt etc... sa vin fè yon kilòt son veritab bouyon mikwòb, se rezon sa ki fè ou dwe lave yo aprè chak lèw fin mete yo

5-ou pa dwe lave kilòt ou menm janw lave tout lòt rad ou, poukisa ? Paske a sibstans nou lave kilòt yo se bagay chimik sa ki ka irite po a oubyen pwovoke reyaksyon alèji epi nòmalman nou ta dwe lave kilòt nou a dlo cho pou touye maksimòm de mikwòb, epi fòn byen mete yo seche nan solèy sa ankò ap ede nou elimine maksimòm bakteri, pa bliye lòt rad yo ka fel kenbe plis mikwòb

6- kilòt nap fè spò yo se kilòt spesyal ki fèt pou sa paske lèw ap fè spò wap transpire ,sa kreye imidite e imidite sa pral kreye miltiplikasyon mikwòb sa ki ka baw enfeksyon , kidonk ou pa ka fè spò a nenpòt kilòt

7-ou dwe chanje tout kilòt ou chak ane,menm yo pa ize selon pwofesè an mikwobyoloji Philip Tierno
ann wè poukisa ,rezon an senp se paskew malgrew lave kilòt ou gon yon kantite mikwòb kap toujou rete, yo konn anviwon 10mil mikwòb ki rete men majorite mikwòb sa yo pa danje pou sante fi an,konsa genyen ki konn danje pou fi an pami yo gen E. coli, staphylocoques, ak anpil lòt

8-preferew met kilòt an koton ke kilòt sentetik paske kilòt an koton an kenbe mwens chalè ,vajen an ap mwen imid epi lè plis pentre kilòt koton an kidonk vajen an ap kenbe mwens imidite

9-pa kite bikini yo fè anpil tan sou nou , rezon an senp lèw ap benyen vajen an vin imid, lefèt kew kite bikini an fè anpil tan sa vin kenbe imidite sa nou konnen deja dega imidite an ka pwovoke

10-ti pòch nou wè ki nan fouk kilòt an koton yo se pa pou sere anyen ,yo la pou kenbe mikwòb kap sot nan vajen an, pou anpeche mikwòb sa yo miltipliye,epil anpeche kilòt la fwote a po bouboun ou pou l pa irite bouboun ou

Like &pataje pou plis moun jwenn konesans
idantifye yon moun li avèw

Norbrun Kerry Care-ry

✅Resèt natirèl pou fanm ki ansent ki pa vle fè sezaryèn :👉Pataje ! Pataje ! Pataje pou enfòme yon lòt fanm ki pa gen kòb...
13/01/2021

✅Resèt natirèl pou fanm ki ansent ki pa vle fè sezaryèn :

👉Pataje ! Pataje ! Pataje pou enfòme yon lòt fanm ki pa gen kòb pou fè sezaryèn.

➡️Engredyan :

-Fèy Mal papay

➡️Preparasyon :

Ale anba yon pye mal papay ramase fèy ki tonbe pou kont yo a sa vle Di Fèy Mi (Pa keyi Fèy yo pou kont ou , Fèy ki tonbe ) . Wap lave Fèy sa yo Mete yo byen seche épi pile yo , pase'l nan paswa pran poud la mete'l nan yon bòl . Lè fi'a gen tranche Mete 1 kiyè poud nan yon vè dlo tyèd ba li bwèl.

Reyaksyon : Rapidman kòl Utérus la ap kòmanse dilate (ouvri byen rapid) menm si fi'a ta gen pwoblèm fetich pa gen anyen ki ka fè'l pa akouche nòmal.

🌸𝗔𝗦𝗧𝗨𝗖𝗘 𝗡𝗔𝗧𝗨𝗥𝗘𝗟𝗟𝗘 𝗣𝗢𝗨𝗥 𝗥𝗘𝗦𝗦𝗘𝗥𝗥𝗘𝗥 𝗟𝗘 𝗩𝗔𝗚𝗜𝗡 🥰Après l’accouchement ou certaines expériences sexuelles intenses, la femme a ...
11/09/2020

🌸𝗔𝗦𝗧𝗨𝗖𝗘 𝗡𝗔𝗧𝗨𝗥𝗘𝗟𝗟𝗘 𝗣𝗢𝗨𝗥 𝗥𝗘𝗦𝗦𝗘𝗥𝗥𝗘𝗥 𝗟𝗘 𝗩𝗔𝗚𝗜𝗡 🥰

Après l’accouchement ou certaines expériences sexuelles intenses, la femme a « le vagin large » 😱 ce qui amène certains hommes qui aiment les vagins étroits à l’infidélité. 😬

Votre page 🥰 soucieuse du bien-être de la femme ☺️

👉Préparation
- Bien laver les feuilles de manguier et goyavier
- Faire bouillir les deux feuilles ensemble pendant 15 à 20 minutes
👉Utilisation
- Mettre dans une bassine ou un seau
- Puis s’asseoir et laissé la vapeur, vous pénétrez pendant 20 à 30 minutes
- Répéter cela deux fois par semaine pendant un mois

Vous redeviendrez étroite et fraîche comme à 16 ans 👩, ce qui fera le bonheur de votre homme.
Femme étroite + homme heureux = bonheur dans le foyer 👨‍👩‍👦.

✅ 100 % satisfaction

Mesye Kòman nou ka fè tès ADN lakay nou?San nou pa bezwen al depanse lajanLi trè fasil pouw konnen si timoun nan pou ou ...
01/09/2020

Mesye Kòman nou ka fè tès ADN lakay nou?
San nou pa bezwen al depanse lajan

Li trè fasil pouw konnen si timoun nan pou ou oubyen si l' pa pou nou.

Pran not!

Tès ADN koute chè epi rezilta pran tan. Ebyen avèk resèt senp sa wap ka dekouvri si se ou ki papa timoun nan san ou pa ale lopital pou al fè tès.
Se yon teknik trè senp ou ka fè avèk ze.
Ann swiw swiv etap yo.

Etap 1: wap achte 3 grenn ze peyi

Etap 2: ou prale nan yon chanm kay ki avid, wap bezwen yon ti recho 3 pye ak yon ti chabon ladanl,yon fouchèt ak yon asyèt blan ki poko sèvi ak yon ti sèl san sèvi tou epi yon ti pwalon

Etap 3:epi fèmen tout pòt asirew ke pa gen lòt moun kap gade'w.

Etap 4: wap pran fouchèt la kase tou lè 3 ze yo mete nan asyèt la. Epi Bat li byen bat

Etap 5: wap rache yon zonyon mete ladanl ak yon ti piman mete yon ti sèl san sèvi kontinye bat li pou jis sèl la fonn ladanl

Etap 6: limen yon ti dife nan ti recho 3 pye a, epi mete pwalon an cho, lèl fin cho vide yon ti lwil tou piti ladanl

Etap 7: lè lwil la fin cho vide ze a, lè ou santi li vle boule ou vire ze a nan pwalon an.

Etap 8: lè ze a fin kwit metel atè chèche yon moso twal blan kouvril pandan li atè.

Etap 9: ouvri pòt la pou sòti piga ou pale ak pyès moun

Etap 10: epi jis ale nan boulanje ki pi prèw la achte 2 pen pwent pran yonn bay madanm ou yonn pou nou ka manje ak ze a

Epi tou bliye afè bagay tès ADN ou an tande frèm, se sa madanm ou diw la ki verite tande. Ou se papa timoun , okipe pitit ou point barrrrrr.

DANJE RAVÈT GENYEN SOU SANTE NOU.lèn ap tiye yo pa kraze yo men poukisa...Pataje tèks sa paske Ravèt se yon bet anpil mo...
30/07/2020

DANJE RAVÈT GENYEN SOU SANTE NOU.lèn ap tiye yo pa kraze yo men poukisa...

Pataje tèks sa paske Ravèt se yon bet anpil moun pè oubyen alèji ak li,Men genyen anpil tou ki pa bal regle anyen pou yo.
Li la yo wel yo pa kouri deyel ni cheche retirel paske yo panse bet lan pa anyen li pap fe yo anyen.

Ebyen jodia mwen vin pale nou de danje bet sa a genyen sou lasante nou.

Anpil moun pè ravèt paske se yon bet ki konn toujou nan twalèt sitou nan twalet an bwa yo,Men yo pa jan’m konnen ki kalite danger ravet lan pesonelman reprezante.

Saliv,Twalèt ak Karapas ravèt lan,Se yo men’m ki pi danje pou lasante,Yo gen anpil danje ak anpil maladi yo kapab koze,tankou: Opresyon,Epatit,Tibèkiloz,Salmoneloz,Etc...

Gen kèk ka,ou kapab jwenn kek moun li bay kek enfeksyon tou,Tankou: Mikoz,Chanpiyon.

Selon kek etid,Yo remake depi ravèt nan yon anviwoneman li gen kek efè s*kolojik li kapab fè sou moun ki nan espas lan,E genyen li men’m konn pwovoke stres lakay yo.

E yo remake tou,Depi genyen anpil ravèt yon kote,Li kapab degajew yon movè ki kapab pwovoke pwoblem respiratwa,E bay gwo alèji sou po.

Se pa selman sou sa nap manje pou nou evite ravèt pase,Se yon bet nou pa sipoze tolere ditou nan kay kote nap viv paske se yon bet ki danje anpil pou lasante.

BONIS: Li pa rekomande tou pouw kraze ravèt yo lew remake yo,Li tap pi bon siw itilize ensektisid pouw touye yo san’w pa kraze yo,Paske lew kraze yo,Ze yo gen kapasite pou miltipliye e pwodwi yon ekip ti ravèt nan anviwoneman an ki kapab koz ou vin genyen yon paket ravèt.

🦠Pa bliye Kowonaviris ap fè yon dega nan mond lan,Toujou lave men nou,Pa soti san bezwen.
Pa bliye tou mete kapot,Pou evite fè timoun san nou pa pare pandan moman konfinman an.

Like&pataje pou plis moun ka jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw
-Faïly Trazil Ander-Son-

Pataje atik lan pou mesaj la kapab rive jwenn plis moun,pouw pa rate youn nan atik mwen yo Like paj lan pandanw ap
Klike sou lyen sa a:
https://www.facebook.com/DrTrazil/

Adresse

Delmas 75
Port-au-Prince

Téléphone

+50940302475

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Tipa tipa nap rive publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'université

Envoyer un message à Tipa tipa nap rive:

Partager