03/11/2022
Bonjou, bonswa tout sevitè ak sèvant ki sou gwoup la!.
Kòman nou ye?
Mw espere nou anfòm nan non Jezi ki gen tout pouvwa a.
Mwen pase ankourajew. Mw swete nou kenbe fèm chak jou pi plis nan Jezi,paske nou pa kapab fè anyen san li.Paske nan Filipyen 3:12-13 Pòl konprann li poko fin bon ni rive kotel dwe rive a,se sak fè lap kontinye kous li. Antanke kretyen:
1) Konnen ke ou nan yon kous.
2) Ou dwe gen yon objektif pou rive kotew dwe rive a.
3) Pa janm fin satisfè de gras, onksyon, puisans, pouvwa,ak tout sa Bondye bay kòm ekipman pou kous la.
( Chèche yo san emosyon,yo pap janm twòp pou ou,paskew pa konn kilè kous la ap kanpe,san sa ou pap ka resevwa rekonpans ki gen pou konkou a,sa vle di ou dwe goumen jis yon jou wap kapab repete menm pawòl yo apot Pòl ta pral di nan 2 Timote 4:7 e 8 la.
Bondye avèw! Bondye beniw!.
Se frèw,Evanjelis Kérollé Johnson