20/06/2019
Jounen etid sou grafi kreyòl ayisyen an
Laboratwa Lang, Sosyete, Edikasyoon (LangSE)
Fakilte Lengwistik Aplike - Inivèsite Leta Ayiti
« Yon pwopozisyon grafi rezone pou kreyòl ayisyen an »
Pòtoprens, 17-18 oktòb 2019
Grafi kreyòl ayisyen an, Leta ofisyalize depi 31 janvye 1980, gen yon karaktè fonografik epi yo konstwi li dapre prensip yo rele « devyans maksimal » paske li pi lwen posib grafi franse a (Bernabé, 1983, 2001). Li tabli yon kòrespondans fidèl ant son yo ak reprezantasyon grafik yo genyen nan ekriti lang nan. Sa fè nou kapab konsidere grafi sa a kòm transparan, san anbigite. Nan sans sa a, li pi pre pa finwa ak pa espànyòl la pase pa franse ak pa angle a. Popilasyon an asepte li epi sèvi avèk li, men gen kèk eleman ki poze pwoblèm paske nou pa ko tabli okenn antant sou yo. Se yon seri eleman kreyòl la eritye nan franse epi ki gen pou wè avèk yon fenomèn yo rele « sandhi ». Mo « sandhi » a soti nan lang endyen sanskrit kote li siyifi « lyannen, mete ansanm ». Fenomèn yo rele lyezon an se youn nan esperyans ki reprezante manifestasyon « sandhi » a. Sa ki rive : chwa fonografi nou fè pou ekri kreyòl ayisyen an pa favorize ekriti eleman ki gen pou wè avèk fenomèn « sandhi » a. Se sa Ivaylo Burov (2013) fè nou konstate lè li endike kalite grafi sa a pa apwopriye pou reflete varyasyon fenomèn « sandhi » a pote nan lang kote li manifeste.
Nicolas André (2013) soulve pwoblèm grafi eleman sa yo poze, men li pa fè pwopozisyon pou entegrasyon yo nan ekriti lang nan. Lemèt Zefi (2017) touche yon fenomèn ki enterese pwoblématik sa a, menm si se pa kesyon « sandhi » a dirèkteman : li poze kondisyon pou kole ak dekole mo ki fòme ak plizyè mòfèm ki egziste poukont yo nan lòt kontèks nan lang nan. Yves Dejean (1980) ak Pierre Vernet (1980) pa fè pwopozisyon sou yo non plis.
Men kèk egzanp eleman sa yo ki bay pwoblèm nan ekriti kreyòl la. Jan nou ekri yo la a se yon fason pou nou kapab note yo. Men se pa ko pwopozisyon nou fè sou jan pou nou ekri yo.
/ɛ̃nɑ̃/ : 1 an ; /twazɛ/ : 3 è
/katrɛ/ : 4 è ; /nevɛ/ : 9 è ;
/dezɑ̃/ : 2 an ; /dezɔmpɛdi/ : de-z-òm pèdi
/ɑ̃najiti/ : an-n-Ayiti ; /ɑ̃nalmay/ : an-n-Almay
/lɛzɑ̃tij/ : lè-z-Anti ; /ozetazini/ : o-z-Etazini
Kon sa, malgre pèsonn pa mete grafi ofisyèl la an kesyon, anpil obsèvatè estime gen nesesite pou travay sou li, yon fason pou rann li pi konfòm ak reyalite fonksyònman lang nan. Se nan sans sa a pwogram ToTAL (Tout Timoun Ap Li), yon pwogram ‘USAID’ finanse e ki fonksyone sou kontwòl Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl te òganize, an 2013, yon atelye refleksyon ak rechèch sou direksyon pwofesè Michel DeGraff nan Massachusetts Institute of Technology (MIT) sou pwoblèm sa yo. Objektif atelye a se te idantifye eleman ki poze pwoblèm nan grafi kreyòl ayisyen an, an patikilye sila yo ki gen pou wè avèk fenomèn « sandhi » a epi pwopoze bon fason yo dwe ekri yo. Men, patisipan nan atelye sa a pa te rive degaje yon konsansis sou eleman ki plis poze pwoblèm yo.
Yon lòt pa, Akademi kreyòl ayisyen (AKA) fè yon travay revizyon sou grafi kreyòl ayisyen an li pibliye 1e jen 2017 sou tit Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen. Men, li pa touche eleman sa yo ki poze pwoblèm nan pratik ekriti lang nan. An reyalite, Premye rezolisyon AKA a pa entèvni sou grafi kreyòl la men sou alfabè a kote li konfime pwopozisyon ofisyèl nou ap sèvi depi 31 janvye 1980 an. Li pa evoke kesyon ki gen pou wè ak « sandhi » yo. Poutan, se la a anje travay sou grafi kreyòl ayisyen an pran rasin. Se yon dimansyon ki mande yon nivo sofistike nan fonksyònman lang nan ki se fonoloji. Dimansyon sa a mande yon seri règ ki pi konplèks pase sa yo pwopoze nan grafi ofisyèl la.
Grafi yon lang se yon zouti itilitè ki genyen yon pòte didaktik nou sèvi pou nou reprezante mesaj, esperyans oswa konesans sou fòm ekri. Nou ekri pou nou kominike e nou kominike pou pataje esperyans. Ekriti pèmèt nou bay yon pèp yon seri zouti varye, an patikilye nan domèn literati, ki pèmèt pèp sa a ouvè lespri li sou lakonesans an jeneral, sou espresyon ak manifestasyon lakilti (Hazaël-Massieux, 1993, 2005). Ekriti yon lang fasilite deskripsyon ak analiz li. Se san dout nan sans sa a Émile Benveniste deklare nan Dernières leçons (nan Collège de France) ekriti a, an patikilye, ekriti alfabetik se prensipal enstriman « oto-semyotizasyon » lang nan. Si lang oral la se yon done natirèl, ekriti a se yon konstriksyon ki chita sou yon konvansyon. Grafi yon lang genyen rapò avèk fonksyònman fonolojik li. Chak lang genyen pwòp sistèm ekriti pa li izaje li yo konstwi, paske chak lang genyen yon sistèm fonolojik ki mache ak jan li fonksyone epi ki diferansye li ak fonksyònman nenpòt lòt lang.
Jounen etid sa a se okazyon pou chèchè ki enterese nan grafi kreyòl ayisyen an fè « pwopozisyon rezone » pou fasilite ekriti tout kalte esperyans nan kreyòl ayisyen an. Si grafi a se prensipal aks tematik nou kenbe pou jounen etid la, nou kapab resevwa pwopozisyon kominikasyon pou de (2) lòt aks : 1) jan nou rele lang nan ki fè objè deba depi Joseph Prophète te fin fè yon pwopozisyon pou rele kreyòl ayisyen an « ayisyen » pito, apre yon tèks li te pibliye nan jounal Le Nouvelliste 30 oktòb 2009 sou tit « Devrait-on faire le deuil du mot créole ? » apre li te fin fè menm pwopozisyon an yon ane anvan (5 septanm 2008) sou tit « Faisons immédiatement le deuil du mot créole un devoir patriotique ». menm, Hugues Saint-Fort te reponn li imedyatman nan menm jounal la nan nimewo ki te parèt 3 novanm 2009 sou tit « Conservons la dénomination "créole" » ; 2) Itilizasyon kreyòl la nan lasyans, sa ki dwe pase sou yon diskou sou disponiblite konsèp yo nan lang nan pou esprime reyalite syantifik yo.
Referans nou site yo
Akademi kreyòl ayisyen (2017), Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen.
André Nicolas (2013), Pledman pou yon nòmalizasyon lang kreyòl la nan kad yon amenajman lengwistik : yon akademi lang pa blije fè travay negatif. Nan Renauld Govain (dir.), Ak Kolòk entènasyonal sou Akademi Kreyòl Ayisyen Akademi Kreyòl Ayisyen : Ki pwoblèm ? Ki avantaj ? Ki defi ? Ki avni ? Port-au-Prince, Éditions de l’UEH, 167-176.
Bernabé Jean (2001), La graphie créole. (Coll. Guides du CAPES de Créole), Martinique, Ibis rouge.
Bernabé Jean (1983) Fondal Natal. Grammaire basilectale approchée des créoles guadeloupéen et martiniquais. Paris, l’Harmattan.
Burov Ivaylo (2012), Les phénomènes de sandhi dans l’espace gallo-roman. Thèse de doctorat, Universités de Sofia « Saint Clément d’Ohrid » et Michel de Montaigne Bordeaux 3.
DeGraff Michel (2013), Rezilta atelye sou estanda pou ekri kreyòl nan tèks pou lekòl fondamantal. Pòtoprens, MENFP.
Dejean Yves (1980), Comment écrire le créole d’Haïti. Canada, Collectif Paroles.
Hazaël-Massieux Marie-Christine (1993), Écrire en créole : oralité et écriture aux Antilles. Paris, L'Harmattan.
Hazaël-Massieux Marie-Christine (2005). L'écriture des créoles français au début du 3e millénaire : état de la question. R***e française de linguistique appliquée, vol. x,(1), 77-90.
Vernet Pierre (1980), Technique d’écriture du créole haïtien. Port-au-Prince, Le Natal.
Zefi Lemèt (2017), « Kritè fòmèl pou n kole mo, dekole mo an kreyòl ayisyen ». Nan Renauld Govain (dir.), Le créole haïtien : description et analyse (L’Harmattan), 95-118.
Modalite soumisyon pwopozisyon an
Chak otè ap redije yon pwopozisyon kominikasyon ki ap 2 500 siy maksimòm, referans ak espas ladan (sou fòma Word, Times New Roman, tay 12, entèliy senp) an kreyòl ayisyen. Li va voye li nan adrès [email protected] an 2 dokiman : yon premye ki genyen non otè a/yo, afilyasyon enstitisyonèl li/yo, adrès li/yo, plis tit pwopozisyon an avèk kò tèks la ; yon dezyèm dokiman kote otè a/yo prezante tit la avèk kò pwopozisyon an sèlman. Otè a/yo dwe presize aks tematik ki konsène kominikasyon an.
Lang jounen etid la : Kreyòl ayisyen.
Piblikasyon apre jounen etid la : Nou prevwa pibliye tèks kominikasyon an apre jounen etid la. Se poutèt sa nou priye chak kominikan remèt vèsyon final tèks kominikasyon li a 1e oktòb 2019.
Dat pou nou kenbe
- 17 jen 2019 : Lansman apèl pou kominikasyon pou òganizasyon jounen etid la
- 17 jiyè 2019 : Dènye dat pou pwopoze rezime kominikasyon yo
- 30 jiyè 2019 : Nouvèl sou rezilta evalyasyon rezime kominikasyon yo
- 1e oktòb 2019 : Remiz vèsyon final tèks sipò kominikasyon oral la nou dwe pibliye
- 17-18 oktòb 2019 : Reyalizasyon jounen etid la.