06/07/2021
Repost!
Men poukisa paran Ayisyen konn kokobe lespri nou e konn responsab gwo echèk nou nan vi an
M espere nou menm nou eseye fe pi bon paran ke paran pa nou,Ayisyen ann panse edike timoun yo yon lòt fason...pataje tèks sa pou plis ayisyen jwenn konesans koz anpil fwa se nou ki koz deriv timoun yo ap travèse
Men konsekans lè sistèm edikasyon ayisyen an plis baze sou yon tèt byen plen ke yon tèt byen fèt, melanje a paran egjijan ,sa pase nan lekòl saint Louis Bourdon kote yon timoun monte anlè lekòl la menase lage kòl anba ,
Ou gen pou wè paran te dil depil pa pase yap touyel anba baton oubyen paran abitye dil "ou pa wè pitit entèl ap fè bèl mwayèn epi ou menm ou pa itil anyen"
Tretman paran ba li ka peze fò nan sal fè a la jodi a ,Oubyen tou mokri elev parèy li, ou enfliyans rezo ak fim li gade
Tout sa yo vreman posib
Ou di yon mo deplase, yo fèw mande paranw padon, ou fe yon vye jès, yo fèw mande padon! Tout sa yo jije ki pa bon ou prezante eskiz e yo piniw!
Men paranw kanpe li diw "ti b*zen, li diw pap anyen, li diw ras papaw, li diw lajan pèdi, li diw g*t manmanw" epi demen li atann pou souri avel! E mete sou jouman sa yo, siw fache ou mare figiw, yo rele dyaspora di wap kale yo nan kay la!
Paran pou bokou nan devyans jenerasyon sa yo la! M espere nou menm nou eseye fe pi bon paran ke paran pa nou, nou sonje m tap pale nou de efè Golem kote tout sa negatif paran di sou timoun nan pral aji sou li,ka fèl pa fè efò, e rann li mwen pèfòman lekòl, ou paka maten midi swa wap trete pitit ou de sòt ou atann li pral fè mwayenn 9
Paran Ayisyen toujou gen tandans konparew a lòt moun pandan nou chak inik nan mond lan , yo toujou ap di "Ou pa wè tifi entèl la annik renmen, mennaj li bal viza! Ou pa wè pitit entèl la al nan egzamen leta li pase! Ou pa wè zanmiw lan ki konn vinn la janl ap gwosi epiw pa vle manje ou menm! Ou pa wè tout zanmiw ap fè timoun, ap marye epiw kole nan kò mennaj pa itil ou a toujou! Tout zanmiw pase, ou double, ou pa wont? Mewi... m konnen ou se moun wal double filo a ane a, atansyon! "
Anpil fwa se nou menm paran ki kokobe lavi pitit nou, anpil fwa e nou kife yo pa gen konfyans nan tet yo! Sispann konpare pitit ou ak pitit lòt moun, sa ka twomatize li anpil e ou ka lakoz fristrasyon e fèl rayi zanmi sa yo pou pwogrè akoz jan wap vante yo devanl!
Paran ayisyen toujou ap kilpabilize timoun yo yo toujou ap di:
"'M baw manje, ou jwenn kote pou domi, ou alèz epiw paka pase! Se ti mwayèn 4 wap fe'! "
Paran ou we kap di fraz sa konn fe mwayèn 2 li menm! Sak fèw pat konn pase? Siw te briyan konsa nan menm sistèm skolè sa, sak fèw paka montrel leson e fèl bay randman! Anpil paran bourik, panse diri ka fè timoun pase! E sistèm edikasyon ayiti a chwazi moun ki dwe briye yo, li pa kenbe kont de divèsite ki gen nan zafè tip konesans ak don chak moun ka genyen lakay yo!
Dwe gen emisyon sou sa, paran dwe timoun nan pat mande fèl ou paka ap kilpabilizel ,se devwaw pouw okipel
Menm nan relasyon amourez nou kokobe pitit nou ,anpil fwa yo echwe nan vi santimantal yo se paran ki responsab ,yo toujou pretann yap fè bon chwa pou ou, pawòl sa yo toujou ap repete:
"Hey, ou pap vinn gate viw a ti gason sa non, m tande wap dil nan fakilte, peyi sa deja pa bay travay, kilè ti gason sa ap ka edew menm? "
1) siw te bon paran ou patap gen pitit ki depann de gason
2) Poukiw pat kouche ak bon moun tou pou te ka evite pitit ou ap kouche a moun ou vle pou touye vè nan vant ou, granmoun visye! Kite ti medam yo deside moun kap antre nan lavi yo, devan medam yo pa ATM, se paran ki pou bay pitit, sa ka rive pitit ou gen debouche oubyen pa chans moun ki avel la edel, men pa pwograme pitit nou pou okipe kay la ak devan yo
Anpil fwa paran ayisyen pa gen kilti ankouraje a felisite pitit yo
Gen nan nou ki tèlman konnen nou pap jwenn mo ankourajman nan men paran nou, menm ide biznis, ide pwojè nou pa janm eksplike paran nou! Esa fè wont, pou pitit ou ap bouje oubyen anvi fè yon bagay se moun deyo ki konnen! Nou dekourajan, si nou wè timoun nan rete nan laptop devan yon pwojè, nap di se chita dŕyè ekran gate je pou granmesi, tan pou nou mandel e gade sa lap fè pou nou ankouraje li! Men sa pa etonan de paran sa yo, paske nou pa janm wè kote yap fè ti bo epi yo fè 9pitit!
E poum fini, paran yo dwe aprann lache pitit yo, pa kite yo lib men mezanmi Sabrina ki te gen 12ans an se pa li ki gen 23ans la, Olivier ki te gen 14ans lotjou a la, se pa li a 24ans kounya, gen yon jan pou pale a timoun yo leu yap grandi, gen limit pou retire! Ou paka gen pitit ou gen 24ans epil antre a 10h ou soufletel! Tankou vòlè Pitit ou gen 25ans li diw li pral nan fet, fok se nan redi! Esak fè lè yo resi sòti yo konn pwofite kouche ak tout ti mennaj yo nèt anvan yo antre nan kay la, ki konn fè timoun nan ansent sanl pat prè dèfwa yo pa menm konn pou kiyès yo ansent,met sou sa san yo pat janm fè edikasyon seksyèl pitit yo menm yon fwa ,lèl ansent yo metel deyò epi pitit la al vale mizè
Like & pataje pou plis moun jwenn konensans
Idantifye yon moun li avèw
Exama Jean Rodrigue & Norbrun Kerry Care-ry