11/02/2024
Li te ka pitit ,li te ka ti frè, ti kouzen ti neve w, malerezman pou li, li t retwouve li nan move moman e nan move andwa. Ti gason sa c li menm polisye a te matrake ak kout pye a.
Yon vizaj ki tradwi nesesite, viktim de yon sistè'm ki pa bay lavi enpòtans.
Ti gason sila a se yon echantiyon, yon echantiyon de sa ki viktim de sistèm konronpi sa,ki pa bay lavi valè, ki bliye misyon dirèk leta genyen.
Frè likson sove grenn sa, e arive fè pou li sa leta peyi'm dwe'l. Nan atik 19 konstitisyon 1987 la , li di leta gen obligasyon pou li asire dwa sitwayen li yo. Ki dwa yo ye? ( Dwa pou Moun viv, dwa pou Moun al lekòl, dwa pou Moun sikile, dwa pou Moun manger ...)
You'n nan sa yo pa respekte epi'w panse n'ap jwenn Yon rezilta ki diferan. An 2004 nou t gen grenn sonnen, ronal kadav, nou pase pran anèl, odma ,tije ak sa ki gen la yo.
Menm jan sosyològ fransè (la Cassagne) a di" tout sosyete gen kriminèl ke yo merite"
Plis Emile Durkheim ki di si "se sosyete a ki kreye kriminèl yo."
Se pa manti, kisa yon jè'n ki lève ki pa jwnn edikasyon,ki paka manje ki pa gen aksè ak sa nou rele lopital ap devni? ... Menm si gen 2 nan sa'm di la yo m kpab di yo se akseswa. Men zafè paka manje c prensipal.(granmoun yo toujou di'w sak vid pa kanpe)
Jè'n sa pasib pou'l tounen tout sa sosyete ta wè kòm kochma. Nou gen ekzanp yo klè...
Nou bezwn yon nouvèl ayiti, kote Moun ap gen valè,kote kondisyon eksistans yo ap reyini.
Eskè'w prè pou sa?